(ETAP #1 an genyen 2 pati pou konplete kandidati w pou Anseye Pou Ayiti -- w ap resevwa dezyèm pati a sou imèl ou avèk yon lyen pou w kapab konplete aplikasyon fòmèl la).
Fòm sa
a fèt pou tout moun ki enfòme sou Anseye Pou Ayiti e vle kominike enterè yo, pou fè pati youn nan kowòt yo pou lane 2027 lan, swa kòm Anseyan-Lidè, Direktè-Lidè oubyen Paran-Lidè. Mèsi paske
ou pral aprann plis sou misyon, apwòch ak kritè pou kandida ki vle aplike
sou sit entènèt nou an: https://rebrand.ly/APAkesyon.
Ranpli epi
soumèt fòm kominikasyon enterè sa a si w kalifye epi enterese ak objektif yo,
valè yo ak misyon mouvman APA. Answit, w ap jwenn yon lyen sou imèl ou oubyen yon aplikasyon sou papye pou konplete aplikasyon fòmèl la pou Anseyan-Lidè, Paran-Lidè oubyen Direktè-Lidè. Pa bliye pataje yon bon adrès imèl pèsonèl (imèl ki an fonksyon) nan
anrejistreman sa a.
N.B.
De (2) moun ki nan relasyon santimantal (marye, plase, elt..), frè ak sè, sa vle di 2 manm menm fanmi pa elijib pou entegre menm kowòt la. Pa egzanp, si yon moun nan menm fanmi an te fè pati kowòt Anseyan-Lidè a, lòt moun nan fanmi an p ap elijib.
Ansanm nou fò!
(Kesyon? Kontakte: 3721-5883/ 5519-8468/ 3517-1065/ (application@anseyepouayiti.org)
Pati 1. Ranpli pati sa yo ak enfòmasyon pèsonèl ou.