ETAP #1 (genyen 2 pati pou konplete aplikasyon w pou Anseye Pou Ayiti -- w ap resevwa 2zyèm pati a sou imèl ou aprè ou soumèt fòm sa a, avèk yon lyen pou konplete aplikasyon fòmèl la):
Fòm sa
a fèt pou tout moun ki vle soumèt yon aplikasyon sou entènèt oswa sou papye
nan Anseye Pou Ayiti pou kowòt 2021 an pou pwogram anseyan-lidè a. Mèsi paske
ou pral aprann plis sou misyon, apwòch ak kritè pou kandida ki vle aplike
sou sit entènèt nou an: https://bit.ly/35H260e. Ranpli epi
soumèt fòm pre-aplikasyon/anrejistreman sa a si w kalifye e enterese daprè objektif,
valè yo ak misyon mouvman APA. Answit w ap jwenn yon lyen pou konplete aplikasyon fòmèl la (w ap resevwa yon lyen par imèl kidonk fòk ou pataje yon adrès imèl pèsonèl nan anrejistreman sa a). Ansanm nou fò!