chevron carousel-svg hamburger close

Antre nan Pwochen Kowòt Nou An

Antre nan Pwochen Kowòt Nou An

Nou ap chèche Anseyan-Lidè, Paran-Lidè, ak Direktè-Lidè ki vle kòmanse bati yon demen miyò pou Ayiti nan pwòp kominote pa yo. Aplike kounye a! Telechaje Bwochi Kowòt la pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis aplikasyon an ak pwogram devlopman pwofesyonèl la.

Manifestasyon Enterè 2024

Lè w ranpli fòm sa a, se 1ye Etap nan aplikasyon Anseye Pou Ayiti a. Genyen 2 etap nan pwosesis aplikasyon an. Lè w fin fè 1ye Etap la, ou ap resevwa yon imèl an janvye ki gen lyen 2yèm Etap la, ki se ranpli aplikasyon ofisyèl la.

Fòm sa a se pou tout moun ki vle montre yo enterese pou yo antre nan Anseye Pou Ayiti pou ane 2023 a antanke Anseyan-Lidè, Direktè-Lidè oswa Paran-Lidè.

Ranpli fòm sa a si w kalifye, epi objektif, valè, ak misyon mouvman APA a enterese ou. Apresa, ou ap resevwa yon lyen oswa yon fòm an papye pou w ranpli aplikasyon ofisyèl la. (Si w ap aplike pou vin yon Anseyan-Lidè, ou ap resevwa yon lyen nan imèl. Donk, yo ap mande w pou bay yon adrès imèl pèsonèl nan fòm anba a.)

Ansanm nou fò!

Anseye Pou Ayiti | Kominikasyon enterè 2024

ETAP #1 (genyen 2 pati pou konplete aplikasyon w pou Anseye Pou Ayiti -- w ap resevwa dezyèm pati a sou imèl ou, aprè ou fin soumèt fòm sa a, avèk yon lyen pou konplete aplikasyon fòmèl la).

 

Fòm sa a fèt pou tout moun ki enfòme de Anseye Pou Ayiti e vle kominike enterè yo pou fè pati youn nan kowòt yo pou lane 2024 a swa kòm Anseyan-Lidè, Direktè-Lidè oubyen Paran-Lidè. Mèsi paske ou pral aprann plis sou misyon, apwòch ak kritè pou kandida ki vle aplike sou sit entènèt nou an: https://rebrand.ly/APAkesyon


Ranpli epi soumèt fòm kominikasyon enterè sa a si w kalifye epi enterese ak objektif yo, valè yo ak misyon mouvman APA. Answit, w ap jwenn yon lyen sou imèl ou oubyen yon aplikasyon sou papye pou konplete aplikasyon fòmèl la pou Anseyan-Lidè, Paran-Lidè oubyen Direktè-Lidè. (N.B. pa bliye pataje yon adrès imèl pèsonèl nan anrejistreman sa a). N.B. 2 moun ki marye, frè ak sè, 2 manm menm fanmi pa elijib pou aplike pou pwogram nan, nan menm kowòt la. Pa egzanp 2 paran p ap kapab fè pati kowòt paran ansanm.


Ansanm nou fò! 

(Kesyon? Kontakte 4895-4508 / 4237-8260 / application@anseyepouayiti.org)