Chanjman nan kominote se yon melanj volonte, kolaborasyon, entèlijans, resous ak òganizasyon estratejik, marye avèk aksyon tèt ansanm ki baze sou valè ak solidarite. Aksyon kominotè se yon metòd entèvansyon sosyal ki vize mobilizasyon ak patisipasyon sitwayen kominote a, nan lòd pou ankouraje otonomi ak devlopman kominotè. Se youn nan faktè ki pa ta dwe neglije, paske se manm kominote a ki pou kontribye nan devlopman kominote li. Bon jan aksyon yo pèmèt nou enfliyanse pwosesis devlopman an epi kontribye aktivman, apre n ap jwibenefis yo ansanm. Se pou sa tout sitwayen dwe patisipe nan poze bon janaksyon pou ede kominote l avanse pi vit sou wout chanjman lè sa n ap ka di men anpil chay pa lou, jan pwovèb la di. Patisipasyon nan kominote a ede nou jwenn pi bon sipò ak otorize nou nan yon pwosesis pou chanjman.
Li ede nou ogmante resous nesesè ki deja egziste pou amelyore kalite sèvis yo epi elaji aksè yo. Sèl mwayen nou ka fè sa, se lè nou òganize tèt nou, konsa nou ka fè fas e rezoud nenpòt pwoblèm nan kominote nou menm si leta absan.
Tout aksyon kominotè chita sou etap sa yo:
• Òganize
• Dyagnostike epi chwazi priyorite
• Devlope yon plan aksyon epi reyalize l ansanm
• Evalye aksyon nou poze yo ansanm
Etap sa yo mare youn ak lòt tankou may yon chèn avèk kominote a nan yon mouvman ki pap janm kanpe. Lè sa kòd lonbrik nou ap mare ak lokalite nou, nou ap reyalize lè nou òganize, planifye ak pataje travay ansanm sa ap mennen nou pran plis responsabilite nan lòd ak siksè nan aktivite yo, e nou ap ka pran bon jan desizyon k ap bon pou tout moun kap viv nan kominote a.
Lè sa n ap gen yon kominote ki soude youn ak lòt, k ap rezoud pwoblèm yo ansanm e ki ap pran wout chanjman ki ap pouse peyi nou avanse nan tètansanm. Ann kolabore pou enterè komen yo.
Laurie Sabrina Dieudonné, Anbasadè APA