chevron carousel-svg hamburger close
APA te òganize yon aktivite sou premye swen pou Sitwayen-Lidè yo
Seyans sou premye swen pou Sitwayen-Lidè nou yo ede nan ekipe sitwayen konsekan ki pral sèvi peyi a.
Li enpòtan anpil pou nou ekipe Sitwayen-Lidè ki ap kapab pote kole nan sitiyasyon katastwòf natirèl.
Nou kwè konesans sa yo enpòtan anpil paske Ayiti souvan fè fas ak katastwòf natirèl!
Lè nou prepare, li ede mwens moun viktim!
Sitwayen-Lidè sa yo pral sèvi kominote yo, epi yo pral pataje konesans yo sou premye swen.