chevron carousel-svg hamburger close
Ann nou abandone eritaj kolonyal kote yo bay baton nan lekòl ayisyen yo

Nan lekòl ayisyen yo kesyon bay baton an jwenn rasin li nan pratik kolonyal yo. Lè kolonizatè ewopeyen yo te rive nan karayib la, li te make kòmansman yon sik vyolans ak travay fòse. Kolon panyòl ak kolon fransè yo te mete popilasyon lokal yo nan esklavaj, pi devan yo ta pral achte afrikren pou mennen sou zile a. Epitou, pou yo te kapab obeyi kolon yo te konn ba yo baton.

Pou toulède puisans kolonyal yo, kesyon bay baton an se te yon zouti opresyon, yon metòd yo te konn itilize pou pran maksimòm fòs travay lakay moun yo te mete nan esklavaj yo, epi pou kenbe kontwòl sou yo. Eritaj vyolans sa a ap pèsiste sou dives fòm, pa egzanp lè nou chwazi baton pou disipline timoun yo lakay ak nan lekòl yo.

Pinisyon fizik kote y ap bat timoun yo rete yon metòd disiplinè paran, lekòl, sansè ak pwofesè yo itilize souvan. Pratik sa yo ke yo itilize pou korije move konpòtman pa pran an konsiderasyon efè negatif yo gen sou devlopman global timoun yo. Lè nou itilize baton pou korije timoun yo, nou kontinye ap ankouraje yon sik agresyon ak laperèz, kote nou bloke kapasite timoun nan pou li grandi ak epanouyi nan yon anviwònman ki sèten epi ki favorab.

Men, gen yon van chanjman k ap soufle! Jou ki te 12 novanm 2023 a, gen yon evènman ki t ap pote transfòmasyon ki te fèt nan lekòl ayisyen yo. Nan kad pwogram lidèchip Anseye Pou Ayiti a, yon kotch pou responsab lekòl  yo t ale fè yon vizit regilye kote li te remake yon rigwaz sou biwo direktè a (yon zouti yo itilize souvan pou disipline timoun yo). Lè l te dekouvri sa a, li te sezi, sitou apre sesyon devlopman pwofesyonèl ki te fenk fèt yo kote yo te pale sou efè negatif bay baton genyen. Responsab lekòl la te reyaji byen rapid kote li te reyini tout pèsonèl lekòl la pou pale sou efè negatif bay baton kapab genyen sou devlopman ak aprantisaj elèv yo. Diskisyon sa te fini kote tout moun te dakò kanpe ak kesyon bay baton sa a. Desizyon sa a te vin make yon gwo chanjman nan apwòch sou jesyon konpòtman elèv.

Rigwaz yo itilize pou bay baton

Pwoblematik

Pou abandone kesyon bay baton nan lekòl, yo dwe mete sou pye nouvo zouti disiplinè. Disiplin pozitif la parèt kòm altènatif ki pi efikas, paske li pran an konsiderasyon  tout aspè nan devlopman timoun nan.

Ka disiplin pozitif

Disiplin pozitif la se yon estrateji ki mete anfaz sou korije konpòtman yon timoun san nou pa itilize pinisyon fizik oswa devalorize timoun nan. Li mete aksan sou kreyasyon yon anviwònman ki gen respè epi ki favorab kote timoun yo kapab aprann apati erè yo fè. Li ranfòse santiman sekirite ak estim timoun yo gen poutèt yo. Estrateji a konsiste nan devlope règ ki klè epi ki koyeran, epi li mande pou nou entegre aprenan yo nan pwosesis kote nou ap defini konpòtman ki akseptab ak konsekans yo. Règleman sa yo nou devlope an kolaborasyon ak konsekans lojik yo ede timoun yo konprann sa n ap atann de yo ak poukisa.

Apwòch sa a priyorize aprantisaj epi li mete anfaz sou devlopman konpòtman pozitif, li ranfòse responsabilite, epi li ankouraje yon kominikasyon ki ouvè ant timoun ak adilt yo. Kòm rezilta, aprenan yo konprann pi byen enpak aksyon yo, epi li pèmèt nou kreye yon kilti eskolè pozitif – kote nou ranfòse angajman elèv yo ak volonte pou yo respekte règleman lekòl la.

Yon istwa sou reyisit ak atant nou pou jou k ap vini yo

Chanjman kote nou itilize disiplin pozitif la deja fè yon diferans. Gen yon responsab lekòl ki pale sou fason disiplin pozitif la gentan transfòme konpòtman aprenan yo nan lekòl la. Anvan yo te itilize metòd sa a, aprenan yo te konn pè vini lekòl, yo te konn rete lakay yo souvan, epi yo pa t ka tann pou wikenn lan rive pou yo te ka chape anba yon anviwònman eskolè difisil sa a. Sepandan, menm aprenan sa yo te kòmanse apresye lekòl la, yo te renmen jou lendi, epi yo pa t ka tann pou yo tounen lekòl lè yo nan wikenn paske yo te sonje anviwònman soutyen ak angajman ki genyen nan lekòl yo.

Temwanyaj sa a montre potansyèl disiplin pozitif la genyen pou kreye yon anviwònman ki adapte pou aprenan yo epanouyi. Lè nou ranplase laperèz pa respè ak konpreyansyon, lekòl yo kapab tounen yon espas lajwa, kreyativite, aprantisaj ak ekselans eskolè. Lè nou enplike aprenan yo nan pwosesis disiplin ki fèt lakay ak nan lekòl, nou kapab fòme sitwayen responsab, ki gen konfyans epi ki gen konpasyon epi ki konprannn nòm ak atant sosyete a.

Yon apèl pou chanjman

Lè nou abandone kesyon bay baton an li reprezante yon etap enpòtan pou kase sik vyolans ki ap pèsiste depi plizyè jenerasyon. Epi, li ap fè wout pou kreyasyon yon sosyete ki pi jis epi ki sanpatipri. Pandan nou ap reflechi ak pase nou, epi travay pou yon demen miyò, li enpòtan pou nou reflechi sou enpak pratik disiplinè yo sou lavi timoun yo. Lè nou abandone kesyon bay baton pou nou adopte disiplin pozitif la, li pa sèlman yon chanjman metòd ; li se yon angajman anfavè devlopman olistik ak byennèt timoun yo. Li se yon pa enpòtan nan fòmasyon yon jenerasyon Ayisyen ki konfyan, kapab epi ki gen konpasyon.

Pakou pou rive nan disiplin pozitif la se yon temwanyaj  potansyèl transfòmasyon ki fèt nan sistèm edikatif ak sosyete nou an genyen yon fason jeneral. Atravè, chanjman sa a, nou kapab transfòme fwaye ak lekòl yo pou yo tounen kote ki pa laperèz, men pito espas kote timoun yo santi yo valorize, sa ki pral poze baz pou yon demen miyò ki pi pozitif epi kote tout moun santi yo moun.