Depi m tou piti mwen te toujou tande y ap di Ayiti se yon peyi sou devlope, m ap grandi, kontinye grandi menm diskou a ap repete chak jou ki jou, men pa janm gen anyen ki fèt bò kote okenn aktè oubyen kouch sosyal pou yo wè ki aksyon ki ka poze pou chanje diskou sa a. Tout moun nan tout domèn, tout otorite, lavil kou andeyò, ayisyen kap viv ayiti ni aletranje rantre nan menm diskou a, sa vle di nou dakò sa epi nou renmen l konsa, finalman nou reziye n ak sa.
Men poutan moun k ap viv nan peyi yo rele peyi devlope yo fèt menm jan ak nou, sa vle di Bondye ki kreye chinwa, ameriken yo, alman yo pou m site sa yo sèlman, se li ki kreye ayisyen yo tou, li pa pi renmen lòt nasyon yo pase nou, li pa bay youn yon bagay anplis ou an mwens. Menm kosyan entelektyèl (QI) chinwa yo fèt ak li a, se menm bagay la pou ayisyen yo tou men gen yon grenn bagay ki fè diferans lan se akonpayman nou paske anviwonman nou gen yon gwo enfliyans sou devlopman nou. Se kontak nou ak anviwonman nou ki pral konstwi kapasite pou nou vin sitwayen pwodiktif ki pou itil peyi nou.
Tout sa yon moun ye jwenn sous li nan edikasyon. Lè m di edikasyon mwen pa pale de aprann li ak ekri sèlman, li plis ke sa. Se devlope lakay aprenan yo sans kritik, espri kreyatif, inovasyon, rezolisyon pwoblèm, espri patriyotik pou m site sa yo sèlman. E se paske sistèm edikatif nou an redwi an sistèm eskolè ki koz aprè etid klasik jèn yo pa itil tèt yo anyen ale wè pou yo ta itil peyi yo. Nan liv change-toi toi-même et change ton pays, Me Henri M. Dorleans fini chapit XVIII a konsa : «ce n’est pas parce que les pays sont riches et développés qu’ils mettent leurs citoyens dans une ambiance de création et d’innovation par le biais de l’éducation, c’est plutôt parce qu’ils font le choix de la création et de l’innovation par le biais de l’éducation qu’ils sont devenus riches et développés »
Ann Ayiti nou tèlman limite epi bòne, menm nan jwèt timoun yo limite. Tout sa timoun nan ap fè ki ka kontribye nan devlopman l, paran, pwofesè, direktè, gran frè, gran sè, moun ki antoure l anpeche yo fè l sou pretèks yap pwoteje l, yo menm rive klase jwèt yo an jwèt tifi ak jwèt ti gason. Nou pran plas Bondye ki se pwotektè pa ekselans nan mete nan tèt nou n ap pwoteje timoun yo. Timoun nan mache vit nou di l non, lè l kouri menm se gwo danje san nou pa rann nou kont ke sa kontribye nan devopman fizik li epi fasilite li pran ekilib.
Li enpòtan pou tout aktè ki konsène nan edikasyon timoun konnen kòman timoun devlope pou yon pi bon akonpayman, pou yo pa entèdi yo fè sa ki endispansab pou yo, maltrete yo nan plas yo bezwen èd. Si tout aktè yo konprann reyalite sa, yo akonpanye timoun yo jan sa dwe fèt, n ap gen yon sosyete ki devlope kote tout ti ayisyen ap rive nan nivo pou yo kreye, pwodwi olye yo ret ap tann pou yo konsome.
Kòman timoun devlope?
Devlopman timoun fèt nan plizyè domèn ki makonnen youn ak lòt, tankou : domèn fizik, langajye, koyitif ak sosyoafektif. Gen anpil sikològ ki ekri sou devlopman timoun men chak fwa m jwenn chans pale sou koze sa a mwen renmen konsidere tras ekriti Erick Homburger Erikson ak sikològ Jean Piaget. Otè teyori devlopman sikososyal ak koyitif. Nou pral gade domèn sa yo youn apre lòt pou nou rive reponn ak kesyon sa a.
Domèn fizik
Kèk jou apre nesans yon timoun paran l ak pwòch li ka konstate gen yon ogmantasyon dimansyon kòporèl, sa vle di bebe a gen plis pwa, li gwosi epi li vin pi long. Devlopman fizik la se yon pwosesis ki depann de plizyè faktè, tankou: faktè jenetik (si timoun nan soti nan yon fanmiy ki gen moun kout ou byen wo), faktè nitrisyonèl (sa vle di fason timoun nan nouri kontribye nan devlopman fizik li) epi faktè anvironmantal ki gen pou wè ak moun ki akonpanye l nan mouvman ou byen egzesis lap gen pou fè.
Domèn langajye
Se yon pwosesis ki lan epi ki egzije konpreyansyon paran paske mo yo pa souvan parèt klè epi esplisit. Sa depan de anviwonman kote timoun nan ap evolye a li ka kòmanse pwononse premye mo yo a pati de 6 premye mwa yo epi pwogresivman l ap eseye kole plizyè mo jiskaske li fòmile fraz senp pou rive nan konplèks. Li enpòtan pou paran an dyaloge souvan ak timoun nan, rakonte l istwa epi pran yon ti tan pou n tande yo.
Domèn koyitif
Devlopman koyitif la sikològ Jean Piaget pale sou li, ladan li presize 4 estad devlopman entelijans, ki se : entelijans sansori-motè, entelijans preoperatwa, operasyon konkrè epi operasyon fomèl. Men sa m vle atire atansyon sou li, devlopman koyitif la se ansanm pwosesis mantal ki gen rapò ak konesans epi ki aji sou memwa, langaj, rezonman, aprantisaj, entelijans, rezolisyon pwoblèm, kapasite pou pran desizyon ak atansyon. Se kapasite sa yo sèvo a genyen ki pèmèt timoun nan antre nan entèraksyon ak anviwonman li. Domèn koyitif yo endispansab pou devlopman konpetans yo, timoun yo bezwen bon akonpayman pou yo fè fas ak defi yo rankontre nan pwosesis sa a, pou yo pa gen entansyon abandone lè yo fè fas ak defi, pou yo konnen se nan echèk yo reyisit la ap vini jis yo atann nivo siksè.
Domèn sosyoafektif
Nan domèn sa, Eric Homburger Erikson pale de 8 etap devlopman, ki chita sou devlopman pèsonalite, pwosesis sosyalizasyon, travay endividyèl pou konstwi idantite. Chak estad yo devlope etap chak moun pase nan lavi kote l fè fas ak yon anje ou byen kriz li dwe rezoud pou pèmèt evolisyon l ak chanjman pèsonalite. Nan 8 estad yo n ap konsidere 4 premye yo ki pale sou devlopman timoun.
Domèn fizik
Se yon pwosesis ki lan epi ki egzije konpreyansyon paran paske mo yo pa souvan parèt klè epi esplisit. Sa depan de anviwonman kote timoun nan ap evolye a li ka kòmanse pwononse premye mo yo a pati de 6 premye mwa yo epi pwogresivman l ap eseye kole plizyè mo jiskaske li fòmile fraz senp pou rive nan konplèks. Li enpòtan pou paran an dyaloge souvan ak timoun nan, rakonte l istwa epi pran yon ti tan pou n tande yo.
Etap 1 :konfyans kont mefyans (0-18 mwa)
Timoun yo aprann fè konfyans ou byen pa fè konfyans ak lòt moun. Konfyans sa gen rapò ak atachman epi atant yo genyen pou lòt moun satisfè bezwen yo. Yon bebe depann tatolman de paran, se poutèt sa devlopman konfyans lan baze sou kapasite pwòch li genyen pou pran swen li.
Si paran li mete li nan anbyans kote afeksyon ak konfyans renye, l ap adopte menm konpòtman sa tou ak lòt moun. Men si bezwen bebe a pa satisfè, l ap aprann pa konte sou moun epi devlopman mefyans lan ap pwodwi fristrasyon, dout ak endiferans nan anviwonman.
Etap 2 : otonomi kont wont (18 mwa-3zan)
Nan etap sa, timoun nan kòmanse gen kontwòl kò li. Sa pèmèt li devlope otonomi pandan l kòmanse ka fè kèk bagay pou kont li. Timoun ki pase etap sa ak siksè konn anpil fwa kwè nan tèt yo, pou sa ki pa byen pase l yo devlope wont ak dout.
Etap 3 : inisyativ kont kilpabilite (3- 5kan)
Timoun ki nan etap sa kòmanse devlope pouvwa ak kontwòl yo nan mond lan pa rapò ak jwèt. Kòmanse gen entèraksyon sosyal, yo pran inisyativ pou kont yo, e yo gen volonte travay ak lòt timoun. Timoun ki pase etap sa ak siksè santi yo ka mennen (dirije) lòt moun. Men sa ki pa reyisi l yo devlope yon santiman kilpabilite, dout ak manke ka pran inisyativ.
NB: Timoun nan ka toujou devlope kilpabilite a, nan sans kote timoun nan kapasite pou l rekonèt erè li/ lè l antò. Nan lòt sans li devlope pè, pa ka pran inisyativ, pè fè fas ak defi epi li toujou santi l koupab se pa bon ditou pou yon timoun an devlopman.
Etap 4 : pwodiktivite kont enferyorite (5- 13zan)
Nan etap sa timoun nan kòmanse ka reyalize tach difisil, sèvo yo kòmanse gen matirite ki pèmèt yo kòmanse imajine, yo rekonèt fòs ak feblès yo epi yo gen konfyans nan kapasite yo. Si yo pa ka aji byen nan jan yo swete l, santiman enferyorite parèt. Si l pa jwenn akonpayman pou l jere santiman emosyonèl sa, l ap chwazi kite tout sa ki difisil pa pè pou l pa reviv sitiyasyon sa.
Nou konstate etap 4 Erikson nan gen rapò ak domèn koyitif la, yo pale de travay sèvo a ap fè pou rann timoun nan pwodiktif epi kreyatif. Lè w konsidere peryòd (laj) la, se laj kote timoun nan nan plen ansèyman aprantisaj, soti premye pou rive twazyèm sik fondamantal, timoun nan bezwen bon jan akonpayman pou pèmèt li byen devlope. Li endispansab pou nou akonpanye timoun yo nan chak etap nan vi yo si nou vle gen yon peyi devlope, pa kwense yo, pa rann tach yo fasil, fè yo fè fas ak defi. Fè yo konnen yo ka echwe men lesansyèl se kontinye jis yo rive fè siksè.