chevron carousel-svg hamburger close
Difikilte nou ap fè fas pa rapò ak moun konpetan k ap kite peyi a ak angajman APA pran pou fòme lidè lokal

Konprann fenomèn kote moun ki konpetan ap kite peyi orijin yo

Fenomèn kote moun ki konpetan ap kite peyi orijin yo reprezante pèt sibstansyèl kapital imen soti nan yon rejyon pou ale nan yon lòt. Se yon pwoblèm ki ap pèsiste nasyon ki ap devlope yo ap rankontre, Ayiti pa epanye. Li fèt lè pwofesyonèl ki gen konpetans yo kite peyi orijin yo pou yo kapab jwenn pi bon opòtinite aletranje ; sa rive fèt akoz mank pèspektiv ak enstabilite politik nan peyi orijin yo. Fenomèn sa a pa sèlman kraze kapital imen peyi orijin la, men li mete atansyon sou rejyon ki ap akeyi moun sa yo tou. Sa vin kreye yon repèkisyon sou endistri ak kominote yo.

Efè kote moun ki konpetan ap kite peyi orijin yo anpil. Lè moun ki kalifye yo kite peyi yo, li kreye yon gwo vid pou jwenn pèsonèl ki kalifye nan peyi orijin yo. Yon vid kip a fasil pou konble ! Mank sa kreye yon obstak pou pwogrè ak inovasyon. Li vin lakòz gen yon mank talan ki esansyèl yo, sa ki pral kreye yon obstak pou devlopman nasyonal epi kontinye ak sik inegalite ak enstabilite. Fenomèn kote moun ki konpetan ap kite peyi yo reprezante yon kokennchen defi ki anvlimen pwoblèm sosyal ak ekonomik ki egziste deja yo.

Kontèks ki pèmèt nou konprann fenomèn kote moun ki konpetan ap kite Ayiti : Wòl Edikasyon

Nan kontèks pa Ayiti a, fenomèn kote moun ki konpetan yo ap kite peyi a se yon pwoblèm ki ap pèsiste. Enstabilite politik ak difikilte ekonomik te pouse anpil Ayisyen ki kalifye pou yo ale chèchre opòtinite nan lòt peyi. Egzöd sa a se pa sèlman rezilta aspirasyon endividyèl, men li anrasinen nan pwoblèm sistemik yo, espesyalman yon sistèm edikatif kip a ekitab.

Inegalite ki gen nan sistèm edikatif ayisyen an agrave tandans sa a. Nan yon peyi kote aksè ak edikasyon kalite limite ak kèk moun privilejye, moun ki resevwa edikasyon ak fòmasyon kalite se souvan moun sa yo ki kapab pèmèt yo vwayaje, sa ki kreye yon gwo distans ante lit ki edike ak rès popilasyon an. Pratik sa a kreye yon sik inegalite ak pèt potansyèl ki ap kontinye, paske majorite moun pa gen zouti ak opòtinite ki nesesè pou atenn tout potansyèl yo epi kontribiye nan devlopman peyi a.

Sepandan, se pa yon pwoblèm ki pa kapab rezoud…

Ann imajine yon senaryo ki diferan:  yon Ayiti kote tout moun resevwa yon edikasyon kalite depi nan kòmansman, sa ki ap pèmèt yo jwenn konpetans, konesans ak eta espri pou pwospere epi kontribiye nan kominote a. Sa a se vizyon ak misyon Anseye Pou Ayiti (APA) : transfòme sistèm edikatif la pou tout Ayisyen, kèlkeswa milye orijin yo, gen posibilite pou kontribiye yon fason ki enpòtan nan devlopman peyi yo a,

Repons Anseye Pou Ayiti : Envesti nan Kapital Imen

Nan Anseye Pou Ayiti (APA), nou angaje nou pou trete pwoblèm ki entèkonekte nan edikasyon depi nan rasin. Misyon nou se pou kreye yon sistèm edikatif solid ki pèmèt Ayisyen yo atenn tout potansyèl yo. Nou fè sa pandan n ap envesti pou gen ekite nan kesyon edikasyon epi pandan n ap ankouraje yon kilti lidèchip ak aksyon kolektif, APA ap travay pou li ekipe jèn Ayisyen yo pou yo vin lidè pou yon demewn miyò.

APA konsantre l sou ranfòsman kapasite ak lidèchip lokal sa ki pral kreye baz pou devlopman dirab alontèm, epi kreye yon sik otonòm pou chanjman pozitif. Inisyativ nou yo kreye yon nouvo naratif pou Ayiti – yon istwa kote nou eksplwate epi nouri talan lokal yo, kote nou abòde inegalite sistemik yo, epi kote jenerasyon lidè yo ekipe pou fè chanjman pozitif. Nou ap travay pou nou mete Ayiti sou yon wout kote gen yon pi bèl avni epi kote pa gen patipri.

1.     Ekipe Lidè Lokal yo : Travay APA a santre sou bay yon rezo Sitwayen-Lidè lokal zouti. Yo pran gwo angajman pou pote chanjman nan kominote yo. Lè nou envesti nan lidè sa yo, n ap ankouraje yon santiman apwopriyasyon ak responsablite pou devlopman lokal. Apwòch sa a ede ranfòse talan ki anndan peyi a epi asire nou itilize konpetans ak konesans sa yo nan enterè Ayiti. Konpetans ak konesans sa yo sèvi pou fè fas ak defi lokal yo epi kontribye nan pwogrè nasyon an.

2.     Transfòme ak Re-Ayisyanize Edikasyon an : Efò nou ap fè pou refòme sistèm edikasyon Ayisyen an gen pou objektif bay tout aprenan aksè a yon edikasyon kalite. Lè nou konsantre sou kourikoulòm ki enklizif epi ki konsidere aspè kiltirèl peyi a, n ap asire nou edikasyon an pa sèlman yon privilèj pou kèk moun, men yon dwa pou tout moun. Chanjman sa a ap ede tout moun gen menm chans. Apwòch nou an pa sèlman fè edikasyon an vin pi enpòtan epi atire plis aprenan, men li ede kreye yon santiman fyète ak apwopriyasyon nan aprantisaj yo a. Lè nou entegre kontèks lokal nan kourikoulòm lan, n ap ede kreye yon jenerasyon aprenan ki plis konekte ak eritaj yo, epi ki motive pou kontribye nan devlopman peyi yo.

3.     Bati yon Mouvman Kolektif : Pwogram nou yo mete aksan sou enpòtans kolaborasyon ak solisyon ki soti nan kominote a, pandan nou ranfòse lide kif è konnen aksyon kolektif ka mennen ak yon chanjman sistemik. Vizyon sa a enplike redefini lidèchip epi bay kominote lokal yo zouti pou pran anchaj pwòp devlopman yo. Lè nou ankouraje yon kilti kote gen aksyon kolektif, n ap kreye yon anviwònman kote moun ki gen talan ka briye epi kontribye nan pwogrè nasyonal. Atravè aksyon kolektif, lidè nou yo ap kapab fè fas ak obstak ki anpeche gen bon jan edikasyon ak devlopman. Epitou, l ap pèmèt kreye yon efè chèn pou transfòmasyon atravè tout Ayiti.

4.     Konbe mank yo: Apwòch nou an gen pou objektif konble mank ki gen ant edikasyon ak opòtinite, pandan nou ap asire nou moun ki resevwa edikasyon kalite yo gen mwayen ak motivasyon pou kontribye nan peyi yo. Lè nou konsantre sou solisyon lokal ak ekipe kominote yo, APA ap atake pwoblèm sistèmik sa yo dirèkteman.

5.     Demontre enpak yo: Enpak efò nou yo parèt aklè nan reyalizasyon pwogram nou yo. Nou gen plis pase 21 000 aprenan ki rive benefisye, ak yon kokennchenn pousantaj an mwayèn reyisit ki se 85%, gen kèk klas ki menm rive fè 100%, APA ap pwouve bon jan edikasyon ka mennen ak bon jan rezilta. Inisyativ nou yo pa sèlman amelyore potansyèl endividyèl, men yo ap kontribye nan yon chanjman pi laj nan sistèm edikasyon an tou, epi yo kreye opòtinite pou kwasans ak devlopman anndan Ayiti.

Transfòme trajektwa Ayiti:
Efò nou yo fèt nan objektif pou bati yon demen miyò kote Ayisyen ka epanouyi nan pwòp kominote yo. Lè nou mete aksan sou kilti, istwa, ak idantite lokal, APA redefini lidèchip pou Ayisyen, pa Ayisyen ! Apwòch sa a asire  pwochen jenerasyon lidè yo byen konekte ak rasin yo, epi angaje pou pote chanjman pozitif soti k ap fèt ak moun ki nan peyi a.

 Pou w aprann plis sou inisyativ nou yo ak fason w ka patisipe, vizite sitwèb nou an epi swiv nou sou rezo sosyal. Ansanm, nou ka chanje sitiyasyon an epi asire pi gwo resous Ayiti — pèp li — ka pwospere epi ovè wout pou yon demen miyò.

 Ann travay ansanm pou bati yon demen miyò kote moun ki koonpetan Ayiti yo briye lakay yo.

Pou nou fè fas ak defi Ayiti ki vin sou plizyè fòm yo, nou dwe itilize yon apwòch miltidimansyonèl. Pandan n ap kontinye kreye yon rezo lidè ki byen ekipe, n ap kreye yon demen miyò ki pi bèl epi ki gen plis ekite pou tout moun.