Sa fè lontan, trè lontan, anpil moun ap pale de yon gwo koze ki se enpòtans franse nan sosyete pa nou. Yo menm rive di, si ou pa konn pale franse, ou pa gen plas ou nan lasosyete. Men kite m poze nou yon ti kesyon: kiyès ki fòme yon sosyete? Yon sosyete fòme ak tout moun ki ladan, mete sou sa yonn nan bagay ki soude yo ansanm se lang yo pale, si yonn pale fòk lòt la konprann.
An n gade Ayiti, èske tout moun ann Ayiti pale franse ? Èske nou ka konsidere franse kòm lang ki soude tout ayisyen ? Èske lang franse a, lè timoun yo aprann ladan, pèmèt yo pi byen konprann e rive aplike tout sa yo aprann nan lavi reyèl ? Si ansèyman fèt an kreyòl nan lekòl ann Ayiti, ki rezilta sa ka bay ?
Pou n reponn ak tout kesyon sa yo, epi jwenn yon solisyon, nou trouve li enpòtan pou nou prezante w nan paragraf sila yo kèk lide.
Aprè nou fin pran endepandans, tout moun pat gen fòmèlman aksè ak ledikasyon, sitou paran yo. Pliske edikasyon te toujou fèt an franse, sa te vin lakoz anpil distans ant sa timoun yo ap tande lekòl la avèk sa y ap tande lakay la. Tout enstitisyon fòmèl yo, leta tankou prive, vin ap fonksyone ak lang franse a, tout sa, se paske tout liv nou yo te toujou an franse, tout dokiman yo te vin redije an franse. Poutan, se yon pousantaj minim nan popilasyon an ki rive jwenn aksè ak yo epi konprann yo paske tout moun ann Ayiti pa pale franse. Nan sans sa, l ap trè difisil pou n konsidere konsidere lang franse kòm lang ki soude pèp ayisyen an. Paske kominikasyon an franse se pou yon pati nan popilasyon an.
Kounya, n ap fè yon ti kout pye nan zafè edikasyon an menm. Prèske tout fanmiy ayisyen pratike lang kreyòl la nan tout aktivite y ap menmen chak jou, nan mache, nan larivyè, nan lari, nan jaden, sou chantye, nan rasanbleman relijye yo anpil fwa, nan aktivite kiltirèl yo elatriye. Nou ka remake, timoun yo tande kèk mo franse sèlman lekòl la. Men poukisa yo ale lekòl? Se pou rive amelyore kondisyon lavi popilasyon an nan pratike sa yo aprann lekòl la nan lavi reyèl yo. Men, kòman sa ap rive fèt si tout aprantisaj la fèt an franse, Ayiti, lang manman se lang kreyòl la, li t ap pi bon si edikasyon te fèt nan lang sila. Sa t ap pèmèt timoun yo byen konprann tout sa k ap fèt nan sal klas la, leson yo t ap plis konekte ak reyalite yo. Nan etid ka, yo t ap aprann rezoud pwoblèm ki konplèks nan lavi reyèl la, konsa aprenan yo t ap kapak kontribye aktivman nan chanjman peyi yo paske yo t ap kapab itilize konesans yo pou jwenn solisyon fas ak nenpòt pwoblèm kominote yo ta fè fas. Pran egzanp yon timoun ki ta aprann agwonomi, si aprantisaj la fèt nan yon langaj abityèl, l ap kapab kolabore ak peyizan nan amelyorasyon teknik yo pi byen. Nan tout lòt domèn yo, echanj yo ap pi fasil epi rezilta yo ap vin satisfezan.
Jodi a, lang se yonn nan pi gwo baryè nou te kapab genyen pou devlòpman peyi nou. Se yon ijans pou nou kanpe pou n reklame yon edikasyon nan lang manman nou. Anseye Pou Ayiti ak tout anseyan lidè, mete tèt yo ansanm pou travay pou rèv sa ka vin yon reyalite. Pou tout sa timoun yo aprann lekòl kapab sèvi yo nan lavi reyèl yo. Konsa, na va rive akonpli misyon n ki se mete peyi nou nan yon nivo devlòpman dirab.