chevron carousel-svg hamburger close
Edwidge Danticat: Poukisa nou dwe envesti nan yon demen miyò ann Ayiti: Pouvwa edikasyon ak lidèchip kominotè genyen pou transfòmasyon

Edwidge Danticat, yon otè ki gen anpil siksè, te fè yon chita pale yon fason ki sensè ak Nedgine Paul Deroly, PDG Anseye Pou Ayiti (APA). Li t ap pale sou gwo enpak edikasyon ak lidèchip kominotè ann Ayiti.

Konvèsasyon yo te genyen an montre ijans ak enpòtans pou nou envesti nan inisyativ edikatif lokal pou nou kapab favorize emèjans yon nouvo jenerasyon lidè ayisyen ki gen gwo koneksyon ak kominote yo, epi ki angaje nan kreyasyon yon sosyete ki san patipri.

Kesyon: Poukisa w ap sipòte Anseye Pou Ayiti?

Edwidge Danticat mete anfaz sou yon pwovèb ayisyen ki gen anpil enpòtans ki di "Timoun se richès." Yon fason jeneral, pwovèb sa fè nou konnen se timoun yo ki ap pèmèt peyi Ayiti gen yon demen miyò. Madam Danticat te pale sou nesesite pou ba yo aksè ak resous esansyèl tankou : manje, swen sante, epi sitou ak edikasyon pou yo kapab eksplwate ak nouri richès sa a. Li ap sipòte APA paske li reprezante vizyon sa a, kote y ap travay san kanpe pou asire timoun yo ap resevwa non sèlman konesans akademik, men y ap resevwa ansèyman sou sans responsabilite, kominotè ak lanmou.

Madam Danticat te deklare : "Edikasyon se sa ki pral fè nou soti nan prezan pou nou gen yon demen miyò." Travay APA a, anseyan devwe ak lidè-kominotè li yo esansyèl nan envestisman k ap fèt nan timoun yo ki gen anpil chans pou vini pilye sosyete ayisyen an.

Kesyon: Poukisa ekite nan kesyon edikasyon ann Ayiti gen enpòtans pou ou? | Li se chimen pou yon sosyete san patipri

Lè nou ap gade mwatye popilasyon an gen mwens pase 25 lane, nou pa ensiste ase sou ijans pou gen ekite nan kesyon edikasyon. Madam Danticat souliye toutotan timoun yo pa gen yon aksè ekitab nan kesyon edikasyon, Ayiti gen anpil risk pou li kontinye ak sik kote se yon sèl ti gwoup moun privilejye ki gen aksè ak opòtinite yo, epi rès majorite a p ap jwenn okenn avantaj.

Inegalite sa yo reprezante yon obstak pou sosyete zansèt nou yo te vle a. Yon sosyete kote chak moun gen posibilite pou pwogrese, epi pote kontribisyon yo kèlkeswa milye sosyal ak ekonomik yo.

Ekite nan kesyon edikasyon se pa sèlman ofri timoun yo edikasyon, men li mande pou li konstan epi aksesib. Pwen sa a enpòtan anpil, nan yon peyi kote anpil jèn pa kapab gen aksè tout tan ak edikasyon akoz vyolans epi mank resous. Objektif travay APA a se pou konble vid sa a, kote y ap asire yo chak timoun gen posibilite pou aprann epi grandi.

Kesyon: Poukisa li enpòtan pou nou envesti nan yon nouvo jenerasyon sitwayen-Lidè?

Madam Danticat souliyen enpòtans ki genyen pou nou envesti nan yon nouvo jenerasyon sitwayen-lidè ayisyen. Lidè sa yo dwe konnen "desten nou makonnen," sa ki pral favorize santiman responsabilite kolektif la ak inite. Objektif la se pou fòme lidè ki angaje pou voye kominote yo monte, epi ki la pou veye tout moun entegre. Sans responsabilite kolektif sa a rantre nan kilti nou kòm pèp atravè konsèp tankou "konbit" (travay kominotè) ak "lakou" (estrikti fanmi tradisyonèl).

Apwòch APA a rezone anpil ak vizyon sa a. Lè li entegre paran, anseyan, ak sitwayen-lidè yo, APA asire edikasyon timoun yo ap resevwa olistik epi enklizif. Epitou, li ankouraje fyète ak kominote nan plas divizyon.  Menm non ògnizasyon an "Anseye pou Ayiti" montre angajman ki pran an favè pwogrè kolektif la.

Kesyon: Ki apwòch Anseye Pou Ayiti ki plis rive sou ou? Kolaborasyon Kominotè – yon apwòch olistik

Youn nan aspè ki pi remakab nan APA se fokis yo mete sou kolaborasyon kominotè a. Madam Danticat fè konnen nan anpil kontèks paran yo lage tout responsabilite edikasyon timoun yo bay anseyan an, sa ki kapab lakòz yon dekoneksyon ant edikasyon timoun nan ak idantite kiltirèl li. Modèl APA a ki enplike paran, anseyan ak sitwayen-lidè yo, kreye yon sistèm sipò ki ranfòse santiman apatenans timoun nan ak fyète li genyen pou patrimwàn li.

Efò kolektif sa a byen reprezante nan pwovèb ayisyen ki di "yon sèl dwèt pa manje kalalou." Li montre enpòtans kominote ak kolaborasyon, yon prensip ki makonnen nan rasin filozofi ak pratik APA.

Kesyon: Poukisa li vin pi enpòtan kounye a pou nou sipòte inisyativ lokal yo?

Nan klima ki gen kounye a, li vin pi enpòtan pou nou sipòte inisyativ lokal yo. Pandan nouvèl yo ap mete aksan sou sitiyasyon twoub ki gen nan Pòtoprens, gen yon gwo travay konstriksyon kominotè ki ap fèt san fè bri atravè tout peyi a. Inisyativ lokal, tankou sa APA bay yo ofri sèvis esansyèl ak estabilite. Sitou, gen anpil fanmi k ap kite kapital la pou yo ale abite nan vil pwovens yo akoz enstabilite a. Òganizasyon sa yo jwe yon wòl enpòtan, pandan y ap atake dezekilib ak bezwen ki soti nan evolisyon popilasyon an ak pwoblèm ki gen rapò ak resous yo.

Lè nou envesti nan òganizasyon sa yo, nou pa sèlman bay yon èd imedya men nou envesti nan solisyon sou yon peryòd ki long. Li pèmèt nou ede timoun yo rete lekòl, asire sekirite alimantè epi ofri lojman. Sa ki pi enpòtan, li pèmèt nou kontribiye nan pwojè ki anvizaje yon avni dirab an Ayiti. Efò sa yo k ap fèt nan nivo lokal esansyèl pou fòme nouvo jenerasyon dirijan ak moun k ap panse ki pral gide Ayiti pou yon demen miyò.

Kesyon: Ki rèv ou genyen pou sistèm edikatif ann Ayiti?

Pa rapò ak pwòp eksperyans li Madam Danticat te pataje rèv li pou wè gen yon sistèm edikatif ki san patipri epi ki enklizif pou tout moun ann Ayiti. Li imajine yon sistèm edikatif kote chak timoun gen posibilite pou ale lekòl, epi kontinye suiv enterè yo, epi kontribiye nan kominote li ak nan monn nan.

Pakou pèsonèl Madam Danticat montre pouvwa transfòmasyon edikasyon. Li swete chak timoun ann Ayiti ap gen menm chans avèk li. Li souvan konsidere tèt li kòm yon "aksidan nan kesyon edikasyon." Li te fè nou konnen tout sa li te gen posibilite reyalize soti nan kapasite li genyen pou l li ak ekri, epi nan opòtinite edikasyon ba li. Vizyon pa l se pou chak timoun ann Ayiti gen menm opòtinite, pandan n ap kòmanse ak yon baz edikasyon ki solid.

Vizyon sa a koresponn ak objektif APA a, kote timoun yo ap resevwa yon edikasyon ki konplè ki prepare yo sou plan akademik, men kòm sitwayen aktif ak angaje tou.

Entèvyou ant Edwidge Danticat ak Nedgine Paul Deroly mete limyè sou wòl esansyèl edikasyon an jwe nan transfòmasyon Ayiti. Gras ak travay Anseye Pou Ayiti, nou p ap sèlman envesti nan edikasyon, n ap envesti nan yon demen miyò pou Ayiti tou. Nou ap fòme yon jenerasyon lidè ki konprann valè kominote, ekite ak pwogrè kolektif la. Pandan n ap fè pwomosyon pou kesyon edikasyon, favorize lidèchip sivik, epi ankouraje kolaborasyon kominotè, APA kontribiye nan kreye yon yon demen miyò epi ki san patipri pou Ayiti. Se nan fason sa a nou ap onore pase nou, epi kreye yon demen miyò pou tout ayisyen.

 *Ekite: Tretman ki san patipri epi menm opòtinite pou tout moun.

*Kredi Foto: Columbia University