chevron carousel-svg hamburger close
Èske sistèm edikatif ayisyen an fè aprenan ki ann Ayiti yo pa santi yo gen valè kòm moun, oswa li retire santiman ki fè yo santi yo fyè paske yo se Ayisyen ?

Pwoblèm sistemik sa a manifeste atravè ansèyman lang lan, metòd aprantisaj ki pa ajou, ansanm ak yon mank edikasyon sivik ak chatiman kòporèl yo toujou ap itilize nan lekòl yo. Anseye Pou Ayiti (APA) pami premye òganizasyon ki pwopoze pou rezoud pwoblèm sa yo, pandan li ap ankouraje yon apwòch transfòmatris ki bay pètinans kiltirèl, panse kritik, ak devlopman olistik jenès ayisyen an priyorite.

 Obstak lengistik: Fransè kont Kreyòl Ayisyen

Youn nan pi gwo obstak nan sistèm edikatif ayisyen an se lè yo itilize fransè kòm lang prensipal nan ansèyman. Pandan se yon ti kantite ayisyen ki pale fransè byen, majorite ayisyen pale kreyòl. Separasyon sa a ki gen nan kesyon lang lan pa sèlman reprezante yon obstak pou konpreyansyon ak alfabetizasyon, men li elwanye elèv yo ak rasin kiltirèl yo, sa ki lakòz yo gen yon santiman idantite ki enstab.

Nan APA, yo itilize kreyòl ayisyen pou leson ak evalyasyon nan salklas yo. Konsa, nou kapab aliyen edikasyon ak reyalite lengwistik ak kiltirèl elèv yo. Inisyativ APA yo ale pi lwen pase salklas yo, sa ki pèmèt nou kreye resous ki reprezante yon richès pou lang kreyòl la, ansanm ak zouti aprantisaj, materyèl pou lekti, videyo, pwogram emisyon pou radyo, ak konkou ekriti. Apwòch sa yo pa sèlman pèmèt edikasyon an aksesib ak enpòtan, men li pèmèt anrichi peyizaj kiltirèl Ayiti, epi li ede estabilize ak ranfòse idantite ayisyen an.

 Memorizasyon Pa Kè fas ak Panse Kritik

Gen yon gwo pati nan ansèyman tradisyonèl ayisyen ki apiye sou memorizasyon pa kè sa ki bare wout pou kreyativite ak espri kritik lakay elèv yo. Metòd sa a anpeche elèv yo konprann epi kenbe vrè enfòmasyon yo sa epi itilize kapasite pou rezoud pwoblèm yo yon fason ki endepandan. Avni Ayiti depann sou yon jenerasyon ki kapab panse yon fason kreyatif ak kritik pou leve defi peyi a.

APA ankouraje yon apwòch pedagojik ki konsantre l sou kreyativite ak panse kritik, ki pral ekipe aprenan yo pou yo vin avni peyi a. Gras ak metòd ansèyman ki baze sou inovasyon ak yon anviwònman aprantisaj ki gen entèraksyon, APA ap nouri yon jenerasyon moun k ap panse ak lidè ki kapab fè Ayiti avanse.

Absans Edikasyon Sivik

Edikasyon sivik la enpòtan anpil pou fòme sitwayen ki enfòme epi ki angaje. Lè yo retire edikasyon sivik nan pwogram eskolè a li reprezante yon gwo risk pou konpreyansyon elèv yo genyen sou dwa yo ak responsabilite yo genyen kòm Ayisyen. Mank sa ki genyen nan edikasyon an lakòz aprenan yo pa gen konesans ki nesesè pou yo patisipe nan tout aspè nan kominote ak lavi nasyonal la.

APA entegre edikasyon sivik nan pwogram li yo, pandan l ap souliyen enpòtans responsabilite sivik ak fyète nasyonal. Pou rezon sa, APA ankouraje yo pou yo angaje nan aktivite konstriksyon kominote a ak nasyon an. Ansèyman sa a bay aprenan yo lanmou pou patri a ak santiman devwa sivik, sa ki ap pèmèt yo vin sitwayen ki angaje ak responsab.

Chatiman kòporèl : yon move eritaj

Malgre yo te deklare l kòm yon aksyon kriminèl nan lane 1843, bay baton nan lekòl se youn nan mezi disiplinè nou jwenn souvan nan lekòl yo. Pratik sa yo lakòz blesi fizik ak sikolojik lakay elèv yo, sa ki konn lakòz yo rantre tèt yo. Sa diminye nan kwasans ak devlopman yo kòm lidè responsab.

APA mete aksan sou yon pedagoji enfòme ki baze sou gerizon, kote n ap mande pou sispann ak kesyon bay baton nan lekòl yo. Sa ede Sitwayen-Lidè yo konprann epi fè fas ak twomatis sistèm edikatif opresif yo lakòz. Moun ki resevwa diplòm yo nan kad bous sa a ap mennen yon kanpay kominotè kont pratik sa a, pandan y ap fè pwomosyon pou metòd disiplinè ki itil, epi ki ankourajan. Lè nou bay byennèt aprenan yo priyorite, APA kontribiye nan kreye yon jenerasyon lidè ki konfyan epi ki responsab. Apwòch sa a pèmèt nou rekipere pouvwa gerizon ak transfòmasyon nan edikasyon, pandan n ap kreye yon sistèm ki jis pou pwochen jenerasyon an.

Reprann pouvwa nou epi restore idantite nou

Depi byen lontan sistèm edikatif ayisyen an se yon zouti pou fè moun santi yo pa moun oswa pou retire santiman ki fè yo santi yo fyè paske yo se ayisyen. Misyon APA se pou transfòme sistèm edikatif ayisyen an yon sistèm ki onore epi nouri idantite ayisyen an. Misyon nou pa limite ak trete sentòm yon move sistèm edikatif ; li gen pou objektif transfòme sistèm nan menm ! Gras ak inisyativ APA yo n ap derasinen eleman nan sistèm edikatif la ki fè nou pa santi nou gen valè kòm moun.

Lè li konsantre l sou edikasyon ak pwoteksyon jèn yo, APA bay Sitwayen-Lidè yo, kote gen anpil nan yo ki te fè eksperyans ak sistèm y ap goumen pou chanje a, mwayen pou yo reprann pouvwa yo epi kreye yon anviwònman ki jis ak favorab pou pwochen jenerasyon an. Apwòch sa a sipòte devlopman olistik jenès ayisyen an.

 Pandan APA ap selebre dizyèm anivèsè l, nou sèten efò sa yo fè gwo enpak. Travay APA a se yon temwanyaj puisans solisyon kominotè yo, epi li montre enpòtans pou edikasyon an makonnen ak kilti a nan lide pou kreye yon demen miyò pou Ayiti. APA konsakre l pou fòme l yon jenerasyon Ayisyen ki fyè eritaj yo, epi ki gen konesans ak konpetans ki nesesè pou reyisi ak angaje nan yon sosyete ki san patipri epi k ap pwogrese.

Atravè aksyon kolektif ak angajman an favè yon edikasyon ki adapte ak kilti a, epi ki gen konpasyon, nou kapab espere Ayiti ap kraze eritaj kolonyal sa a, epi konstwi yon sistèm edikatif ki vrèman sèvi pèp li a.   APA fè yon gwo enpak sou lavi aprenan yo ak tout kominote a. N ap kontinye vwayaj la, men pwogrè nou fè yo pèmèt nou wè gen yon demen miyò kote edikasyon an ap sèvi kòm yon gwo zouti pou liberasyon ak fyète nasyonal.