chevron carousel-svg hamburger close
Kisa ou swete pou Ayiti pandan pwochen jou sa yo?

Nou te rive rasanble yon ansanm temwanyaj manm ekip la te pataje ansanm ak nou, kote yo t ap pataje sa yo ta swete pou Ayiti nan pwochen jou yo.

Mwen ta renmen rewè yon Ayiti kote lavi reboujonnen. Kote, moun kapab mache san kè sote epi lari a retounen « salon pèp la ». Mwen ta renmen rekòmanse souri san kè sote. Lè m ap respire, m pa vle santi se tankou yon kamyon k ap pase sou lestomak mwen. Mwen vle viv nan peyi m kote m kapab planifye avni m !

Sa se temwanyaj youn nan manm estaf la, kote li fè konnen viv byen nan peyi l se pi gwo swè l !

Gen youn nan manm estaf la ki pran yon pozisyon patriyotik, kote li fè konnen li ta renmen aktè politik yo jwenn yon antant, epi yo kapab mete yon gouvènman sou pye. Pou li menm, solisyon an se nan negosyasyon ak fratènite.

Pou sitwayen sa a, pou peyi a pran yon souf fòk aktè politik yo pran konsyans epi antann yo.

Pou anpil moun, menm jan ak sitwayen sa a nou bezwen bon jan antant pou nou soti nan sa nou ye a. Men, sa li ta swete, se gen yon antant nan mitan manm kominote a, kout zam sispann tire, lavi reprann sa ki pral pèmèt eleksyon yo reyalize.

Youn nan fanm vanyan ki nan estaf nou an te li menm fè yon « pwopozisyon ». Li pwopoze « reyensèsyon» moun ki ame yo, kote li fè konnen : « Mwen swete tou yo jwenn posibilite swa pou yo reyitilize gwoup moun ki ame yo pou yo ranfòse lame nan peyi a osinon netralize yo pou yo pèdi tout pwisans yo. »

Nostalji se yon gwo bagay ! Gen anpil timoun ki pa gentan viv bèl moman…Bagay sa yo bay kè kase. Se ka sitwayen sa a ki fè konnen li ta renmen reviv bèl epòk fen ane li te konn viv yo. Epi, li ta swete gen yon prezidan ki monte sou pouvwa a ki panse pou peyi a.

Estrès ak enkyetid kreye gwo pwoblèm. Klima ensikirite a k ap deteryore kreye anpil enkyetid. Sitwayen sa a te pataje enkyetid li pa rapò ak sitiyasyon peyi a k ap deteryore, epi li pwone rekonsilyasyon nasyonal, li swete peyi a repran eskanp figi l san dikte peyi etranje. Dapre li, se enterè nasyonal ak kolektif la nou mete an premye.

·       Mwen ta renmen wè yon Ayiti kote ki gen sekirite, kote lekòl fèt an kreyòl epi li swete gen yon prezidan patriyòt ki eli konstitisyonèlman.

·       Mwen ta renmen viv nan yon peyi kote tout moun gen menm dwa epi ki pa gen diskriminasyon.

Sa se temwanyaj yon lòt fanm ki nan estaf la.

Gen yon lòt manm estaf la ki pataje menm lide rekonsilyasyon nasyonal la, epi li di : « M ta swete se pou tout ayisyen kapab viv nan peyi yo. »

Opinyon yo anpil epi yo kouvri plizyè sektè, men tout montre lanmou ak dezi pou wè yon chanjman ki lakay moun yo.

·       Mwen ta swete refè touris lokal, men ta renmen pou lasante, edikasyon ak sekirite aksesib pou tout moun. Mta swete gen yon gwoup lidè ki emèje ki kapab retire peyi a nan enpas li ye a.

·       Mwen ta swete moun k ap vin dirije peyi a se moun ki edike, epi m swete moun nan gouvènman yo p ap anche sou devwa pèp la sèlman, men yo dwe konn dwa yo anvè pèp sa tou.

Manm estaf sa a te mete aksan sou edikasyon kote li di : « Mwen swete edikasyon vin pwen santral depa nou pou fòme sitwayen onèt, pou n renmen peyi n ak tout fòs e tout nanm nou ».

·       Mwen swete tout Ayisyen pran yon konsyans nasyonal sou sitiyasyon peyi a k ap degrade pi plis chak jou. Epitou, mwen swete nou rejwenn plis motivasyon pou nou kontinye viv nan bout tè sa a zansèt yo te goumen kite pou nou an. 

Pou fini, gen kèk nan manm yo ki envite nou kiltive lanmou.

·       Mwen swete pou gen yon konsyans sosyal ak lanmou ki pran plas vrèman nan kè chak moun , epi pou nou konprann ki enpak lanmou ke w pataje avèk yon lòt moun kapab ede l chanje vi l.

Apati temwanyaj sa yo, nou rive konprann tout espwa sitwayen sa yo genyen pou peyi yo. Epi, malgre sitiyasyon difisil yo gen anpil moun ki deside pote kole !