chevron carousel-svg hamburger close
Kominike Pou Laprès : Selebrasyon 10zyèm Anivèsè APA Lansman Kanpay Don

SELEBRASYON 10ZYÈM ANIVÈSÈ APA LANSMAN KANPAY DON

Jan nou konnen l, pou ane 2024 la, APA ap selebre 10zyèm anivèsè l. Nan kad selebrasyon sa yo, n ap gen pou òganize yon ansanm aktivite pou make deseni sa a.

Pami  yo, n ap gen pou fè yon kanpay don ki pral konsantre li sou donasyon endividyèl. Atravè kanpay sa a n ap tou pwofite retounen ak yon ansyen tradisyon kote nou pral fè don yo koresponn.  

Kijan sa a ap fèt ?

Ebyen, chak fwa yon moun fè yon don, DON sa a ap DOUBLE gras ak jenerozite yon lòt donatè.

Ki objektif kanpay sa a ?

Nou vle  jwenn yon montan $100 000 USD  atravè kanpay sa a ki pral pèmèt pou grandi 3 kowòt nou yo (anseyan-lidè, paran-lidè ak direktè-lidè).

Nou ap gen yon komite òganizasyon espesyal ki pral dirije kanpay sa a, epi l ap fèt soti nan mwa Me 2024 pou rive nan mwa Out 2024.

Nou ap kapab jwenn plis enfòmasyon sou sit APA ak sou diferan platfòm rezo sosyal nou yo, ak sou sit entènèt APA a https://www.anseyepouayiti.org/kr .

Pou fè yon, klike sou “fè yon don" :

yon don