Li soti nan tan konkèt yo avèk ‘’ la raison du plus fort est toujours la meilleure.’’ Pase nan rejim esklavajis yo avèk yon fòm represyon sovaj pou abouti nan lekòl nou yo, fanmi nou yo sou fòm domestisite, sa nou rele restavèk yo. Se kòmsi nou kapab di chèn nan soti nan pye ak men nou, pou abouti nan lespri nou.
Si nou ta fè yon koudèy sou systèm edikatif nou ann Ayiti, n ap wè sa byen klè se toujou menm pratik yo, pou timoun yo aprann se ak baton lekòl nou yo sèvi, e menm nan mitan fanmi yo se menm bagay la, se baton ki pou fè timoun yo mache, jan anpil nan nou konprann li epi viv li tou.
Sa pouse nou tou dwat nan esklavaj ak travay fòse ki te genyen nan ispanyola anvan kolon yo te rive nan lil la. Kote endyen yo tap mouri pa milye paske yo pat abitye ak jan de bagay sa yo pita ki ta pwal akouche sa nou rele trèt negriye. Pou repete “timoun pa janm aprann nan men moun li pa renmen”, twòp vyolans mezanmi, sa dwe sispann. Li merite pou nou panse bagay yo yon lòt jan.
Lekòl, lafanmi ki ta dwe enstitisyon sosyal pou refije aprenan yo tounen yon jeng, kote mepri, move trètman ak vyolans sou tout fòm ap taye banda. Gen kèk eleman lekòl la dwe konsidere pa rapò ak misyon sivilizatris e sosyal li genyen, vizyon li pou ankadre, akonpanye timoun yo pou demen yo kapab asire, sitwayen konsekan, valere, konpetan e ki prè pou envesti pou demen miyò.
Si depi soti nan trèt negriye , pase pran 1789 pou abouti 1804 ki se libète, jouk jounen jodia nou konstate anyen pa janm chanje, se vre, malgre sikatris vyolans lan kite andedan nou, nou pa ka ap repwodwi menm zak malonèt sa a. Ann pa bliye deklarasyon inivèsèl la ki di nou tout egalego kèlkeswa ras ou,koulè po ou, lang ou pale, nou tout se moun. Se pou nou gade sa byen nan panse nou chatiman kòporèl la fè anpil mal sou timoun yo, ki konn koz pafwa timoun yo menm rive abandone lekòl, yo tromatize, yo vinn konplekse, yo vinn refèmen sou yo menm, yo vinn egoyis, yo vinn sovaj, yo tounen delenkan.
Epitou se nòmal pou yo konsa, paske se nan mitan vyolans lan yo grandi, tout kote yo pase se vyolans sou yon fòm oubyen lòt. Yo pa leve nan yon klima kote se dialòg ak kominikasyon ki adopte pou rezoud pwoblèm, nou kwè anpil nan kraze brize, epitou se pinisyon chatiman kòporèl la ki an premye. Konsa tou nou mèt atann yap genyen pou yo repwodwi menm bagay la. Se sak fè, li enpòtan pou nou ta gade ki kote sa pouse nou, nou vinn gen plis delenkan, bandi, asasen, mandyan, plis moun ki pa konn li ak ekri, e rezilta a senp si nou gade modèl peyi nou an. Mwen konnen sa pa fasil men li pa enposib non plis si ansanm nou mete men pou nou kwape vyolans kap taye banda nan tout kwen kote nou pase yo. Anmentan si nou gade dekrè lwa ki di sou vyolans yo, gade epi patisipe nan fowòm ak kantite mouvman k ap fèt pou eradike chatiman kòporèl ak vyolans k ap fèt sou moun, e anplis yon koudèy sou mouvman Anseye Pou Ayiti ki etabli nan peyi a depi 2015, nou t ap rive konprann gen anpil lòt metòd ak estrateji nou te kapab itilize pou pèmèt lòt jenerasyon timoun ki ann Ayiti viv pi byen, nan lapè, pandan y ap resevwa yon edikasyon kalite baze sou egalite sosyal ak ekite, kote y ap santi yo konfòtab pou aprann epi y ap prè pou yo pran bon jan dezisyon epi responsabilize yo antanke sitwayen konsekan pou demen kapab pi bèl. "Sispann, sispann, sispann bat timoun yo, edike yo pito konsa lespwa ap boujonnen pou nouvèl Ayiti a."
Joachim Jackson, Anbasadè APA
Sous imaj: https://schoolvisor.org/news/a-bill-banning-corporal-punishment-in-ict-passed-in-parliament/