chevron carousel-svg hamburger close
Lasante nan anviwònman lekòl

Lwa sou Oryantasyon ak Pwogramasyon pou Refonde Lekòl nan Repiblik la di, nan atik 6 li: « Aksyon pou ankouraje sante elèv yo fè pati misyon Edikasyon Nasyonal yo. » Pèspektiv sa a te jwenn ranfò nan pakou edikasyon sou sante a (sikilè n° 2016008 nan dat 28 janvye 2016). Nan sans sa, politik lasante baze sou pwomosyon pou lasante pandan y ap entegre tout ti detay nan anviwònman lekòl la. Se sa ki fè apwòch « pwomosyon lasante nan lekòl » konsidere tankou janmdifòs pou soutni byennèt epi diminye inegalite ki devlope byen bonè yo.

 Apwòch yo rele pwomosyon sante a te parèt depi an 1984 epi vin fòmèl ofisyèlman an 1986 gras avèk premye konferans entènasyonal pou pwomosyon sante ki te fèt nan Ottawa soti 17 rive 21 novanm 1986. Pwomosyon sante a defini tankou pwosesis ki pèmèt manm kominote yo pran pi gwo kontwòl sou pwòp sante yo epi rive amelyore (OMS, 1986).

 Adopsyon prensip fondamantal Ottawa (1986) la konfime ane 1980 yo te make konsèp sante a anpil. Nan yon pèspektiv byomedikal, yo wè sante tankou yon apwòch global ak pozitif epi yon pwosesis evolisyonè. Se egzakteman la enterè pou yon apwòch global nan edikasyon sante ki distribye jefò edikasyon ak pwomosyon sante a nan mitan diferan aktè k ap pote ekspètiz pa yo a soti.

 Plizyè sikilè ki te adopte nan kòmansman ane 2000 yo wè lekòl nan yon politik sante mondyal an favè aprenan yo epi mete eta sante a kòm yon faktè nan siksè akademik ak edikasyon. Misyon lekòl la nan sa ki gen pou wè ak pwomosyon sante gen objektif esansyèl epi espesifik pou asire byennèt aprenan yo, kontribye nan siksè yo epi sipòte yo pou yo bati pèsonalite endividyèl ak kolektif yo.

 Depi refòm edikasyon ki an pratik nan lane 2021, responsabilite edikasyon sante tonbe sou tout pwofesè ak edikatè fizik yo. Misyon sa a enplike yon chanjman nan modèl panse moun yo piske lasante pa fè pati sèlman domèn eksklizif pwofesyonèl sante yo, men pito, dezòmè, li se responsablite tout moun. Pou pi senp, li se yon travay ekip milti-pwofesyonèl. Anplis de sa, nan prensip fondamantal Ottawa 1986 la, Òganizasyon Mondyal Lasante souliye wòl detèminan lekòl yo dwe jwe nan fasilite aprenan  yo adotpe konpòtman ki favorab pou lasante. Lekòl gen yon wòl prensipal pou l jwe nan pwomosyon sante nan mitan aprenan yo. Men, reyisit travay konplèks sa a mande bon jan konsolidasyon oswa devlopman patenarya nan mitan divès aktè nan lekòl la ak nan kominote kote timoun nan ap viv la. Nan sans sa, lekòl la gen yon enfliyans sou sante aprenan yo ki parèt byen klè nan kourikoulòm nan ak nan anviwònman òganizasyonèl li tabli pou sa. Edikasyon pou sante nan lekòl yo se yon pwojè ekip pandan tout lavi aprenan yo.

Mete tèt ansanm pou edikasyon sante nan lekòl yo vle di travay ansanm, yon fason koyeran ak konplemantè, pou chak aprenan kapab viv eksperyans chak jou k ap ede l devlope tout potansyalite li epi rekonèt valè li, pou l gade kote l soti epi planifye kote l vle rive, pou l viv ann amoni ak lòt moun epi respekte ak pwoteje anviwònman li. Sa vle di tou kreye opòtinite kote sante a nan tout dimansyon li enfliyanse aprantisaj yo: aprann fè chwa enteresan pou jwenn mwayen pou l asime chwa sa yo yon fason otonòm ak responsab; gen kontwòl sou desizyon li yo ak sou lavi li epi aprann ede lòt moun jwenn pouvwa sa sou lavi pa yo pou yo egzèse jijman kritik, angaje kòm yon sitwayen, mobilize ak goumen pou dwa ak jistis sosyal. Pou n rive reyisi nan defi sa a, li enpòtan pou tout moun ki gen enterè nan lekòl yo rekonèt sante, byennèt ak siksè edikatif  sou yon sèl e menm nivo. Answit, defi a pral sèlman rete pou n asire n zouti ansèyman ak aprantisaj yo konplè, koyeran ak konplemantè soti nan yon disiplin ale nan yon lòt, soti nan yon sik rive nan yon lòt pou sa ka fè sans pou aprenan pandan tout pakou li.

 Pwomosyon pou lasante nan lekòl parèt yon estrateji enpòtan pou amelyore byennèt aprenan yo. Pou yon edikasyon kalite ideyal, li enpòtan pou n valorize apwòch ki konsidere zafè sante a nan yon pèspektiv global, miltifaktoryèl, alontèm, pwopoze diferan altènativ sou pwoblèm sante a ak dekline aksyon miwo miba nan etablisman politik, anviwònman fizik, anviwònman sosyal, sèvis sante, relasyon nan mitan kominote edikasyon an, patikilyèman fanmi yo, kourikoulòm edikasyon sante a ak devlopman ladrès sikososyal yo.

Referans yo

La réforme de l’éducation mise en application . (2021).

OMS. (1086). Charte Ottawa. Conference Internationale pour la promotion de l sante.

Orientation et de programmation pour la refondation de l'école de la République . (2013).

Santé en milieu scolaire . (2020).

Tenne, H. B.-F. (2022). La sante à l’école .

Sabrina Dieudonné