chevron carousel-svg hamburger close
Pale sou sijè ki tabou yo

Sa pa gen twò lontan Anseye pou Ayiti te òganize yon seri fowòm pedagojik sou edikasyon seksyèl nan kat kominote diferan an Ayiti, sa ki reprezante yon kokennchenn avanse nan pwomosyon edikasyon olistik ak byennèt. Fowòm sa yo se yon inovasyon, nan yon sosyete kote moun souvan pè pale sou edikasyon seksyèl. Sesyon sa yo pa t sèlman pèmèt moun yo jwenn bon jan konesans, men li te pèmèt nou bay lidè kominotè, paran ak edikatè yo mwayen pou pi byen gide ak pwoteje timoun yo.

Reponn ak yon bezwen ki enpòtan anpil

Se obsèvasyon nou te fè nan kominote APA ap sèvi yo ki te pouse nou fè fowòm sa yo. Timoun yo souvan viktim divès fòm vyolans seksyèl, sa ki konn lakòz yo abandone lekòl, tonbe nan gwosès prekòs, epi yo konn gen twomatis emosyonèl. Epitou, nou remake gen yon mank konpreyansyon jeneral sou kesyon sante seksyèl. Sa te pouse ekip Paran-Lidè ak Direktè-Lidè ki nan APA reponn ak bezwen ijan pou ekipe aktè edikatif ak manm kominote yo ak zouti efikas pou pwoteje epi gide timoun yo. Objektif la te klè: prevwa epi diminye enpak negatif sou avni relasyonèl, afektif, ak entim timoun yo.

Youn nan manm ekip ki t ap òganize fowòm la te souliye: “Objektif prensipal nou se ede aktè edikatif ak manm kominote a jwenn zouti ki efikas epi ki adapte ak laj timoun yo pou prevwa, epi diminye sitiyasyon negatif ki kapab afekte avni yo.”

Simonte defi: navige nan mitan sansibilite kiltirèl yo

Lè nou t ap òganize fowòm sou sijè sansib sa a, nou te rankontre kèk difikilte. Yon manm ekip la te fè konnen gen kèk patisipan lè yo t ap kòmanse ki te gen yon lide ki pa koresponn ak sa sesyon yo ye, kote yo te panse nou ta pral pale yon fason ki bay tout detay.

Sepandan, planifikasyon ekip la te fè ak anpil prekosyon ak apwòch sansib nou gen sou kilti a te pèmèt nou simonte krent sa yo.

Yon lòt manm ekip la ki t ap òganize yon sesyon nan Ench te fè konnen : « Depi lè nou t ap ekri modil yo, nou te pran anpil prekosyon pou evite deranje oswa estigmatize patisipan yo. Pandan sesyon yo nou te jwenn anpil kesyon ki te prepare, epi nou te reponn yo ak prekosyon. »

Animatè yo te itilize estrateji tankou angajman patisipan yo nan diskisyon k ap fèt la pou yo kapab pataje opinyon yo. Sa te pèmèt nou kreye yon espas diskisyon ki san pwoblèm, epi ki te pèmèt nou fè konvèsasyon ki gen enpòtans epi ki kapab fè enpak.

Sesyon yo te fèt an kreyòl pou fasilite bon jan echanj. Ekip la te itilize materyèl ki gen yon enpòtans kiltirèl, tankou divès videyo an kreyòl ak tèm nou jwenn souvan an kreyòl. Kontni a te kouvri yon seri sijè enpòtan tankou idantite seksyèl, konsantman, abi ak vyolans yo souvan konsidere kòm tabou nan sosyete ayisyen an.

 Angajman ak fidbak patisipan yo

Manm kominote yo te patisipe ak anpil kè kontan nan fowòm yo. Paran, lidè nan lekòl, ak anseyan yo te kontan patisipe tou. Sesyon yo te rasanble apeprè 400 patisipan nan kat kominote yo. Reyaksyon nou jwenn sou sesyon sa yo te vrèman pozitif. Patisipan, ki t ap ezite nan kòmansman an te pwofite okasyon an pou aprann epi diskite yon fason ki ouvè.

·       Yon manm ekip la te pataje temwanyaj youn nan patisipan yo ki gen anpil emosyon kote li te fè konnen: “Si m pa t vin patisipe nan fowòm pedagojik la m t ap pèdi anpil bagay. Mwen swete toujou patisipe nan aktivite APA yo, paske nou bay anpil enpòtans ak byennèt fanmi yo nan sosyete a. Travay nou an pa gen pri.”

·       Gen yon lòt patisipan ki te mete anfaz sou enpòtans sijè a : “ Lè nou chwazi pale sou yon sijè konsa, li montre nou jan APA inik; se premye fwa mwen ap patisipe nan yon aktivite APA, men mwen konsidere tèt mwen deja kòm yon moun ki fè pati gwo fanmi sa.”

·       Gen yon lòt patisipan ki te pataje: “Anvan mwen te vin patisipe nan fowòm nan maten an, mwen te pè pale sou kèk sijè ak timoun mwen yo. Apre jounen nou fin pase ansanm la, mwen pare pou akonpanye timoun mwen yo, sitou nan domèn edikasyon seksyèl mwen te neglije. Mwen pral kreye yon anviwònman kote yo kapab alèz avèk mwen sou pwen sa.”

Gen yon paran lidè ki planifye pou pataje estrateji li aprann yo avèk sè l pou li kapab ede neve li yo.

 Li rantre nan kad misyon APA a

Fowòm sou edikasyon seksyèl la rantre nan kad misyon Anseye Pou Ayiti ki se transfòme kominote yo atravè edikasyon ak lidèchip. APA gen pou objektif fè moun nan kominote a tounen lidè-sivik gras ak yon lidèchip transfòmasyonèl nan kay ak nan sosyete a. Nou pale sou sijè tabou tankou edikasyon seksyèl ki esansyèl pou fè mantalite yo evolye, epi favorize yon kominote ki sèten epi kote moun yo pi byen fòme.

Lè nou pale sou kesyon sansib yo epi nou ankouraje yon dyalòg ki ouvè, APA ap kontribiye nan kraze baryè yo, epi favorize yon kilti ouvèti ak pwoteksyon.

Inisyativ sa a pa sèlman konsène edikasyon ; li pèmèt nou ede nan chanje mantalite epi kraze baryè kiltirèl yo pou pèmèt chak timoun an Ayiti grandi nan yon anviwònman ki san danje epi kote yo jwenn sipò. Gras ak efò sa yo, APA fè yon gwo enpak nan lavi timoun yo ak kominote yo nan yon sans ki laj. Epitou, li montre gen chanjman ki posib menm lè n ap fè fas ak nòm ki anrasinen nan kilti nou. Youn nan manm ekip ki t ap òganize fowòm la te fè konnen « Misyon APA se pou jwenn solisyon ak pwoblèm edikatif ki bloke devlopman kominote a ». Epitou, li te di « Si nou vle gen kominote nou imajine a, nou dwe abòde sijè ki gen sans epi ki itil sosyete a. »

 Kreye yon demen ki gen anpil espwa

Fowòm APA fè yo se yon apèl pou aksyon nou lanse pou yon kominote ki pi ouvè epi ki pi solidè. Gras ak fowòm sa yo, anpil manm kominote a fè konnen fason yo rejwenn konfyans pou pale epi gide timoun yo nan kesyon edikasyon seksyèl. APA prevwa pou li kontinye ak inisyativ sa yo alavni! L ap fè sa pandan l ap konsantre l sou enpak fowòm yo, epi fè l rive jwenn lòt kominote.

 Reyalizasyon seyans sa yo sou edikasyon seksyèl montre fòs solisyon kominotè yo ak wòl edikasyon jwe nan chanjman yon sosyete. Li reprezante yon gwo chanjman nan lit pou dwa ak byennèt timoun an Ayiti. Lè nou bay lidè-kominotè, paran ak anseyan yo konesans ak zouti yo bezwen, APA ankouraje yon anviwònman ki pi sèten epi kote yo jwenn plis enfòmasyon pou timoun yo.

 Li klè kalite inisyativ sa yo esansyèl nan kad pwogrè ak devlopman k ap kontinye, epi fowòm sa yo se egzanp ki montre aklè APA pran angajman an favè edikasyon olistik ak transfòmasyon kominote a. Gras ak yon aksyon kolektif ak yon angajman fèm an favè edikasyon, APA poze baz pou yon jenerasyon ki pi an sante epi ki pi byen fòme.

 *Tabou: yon bagay ki pa akseptab oswa yo entèdi nan yon sosyete.