chevron carousel-svg hamburger close
Politik Edikativ ak Konstriksyon Inegalite Pou Aksè ak Edikasyon Ann Ayiti

Se sa k fè ankèt ki fèt sou aksè ak edikasyon, sitou baze sou ki kantite timoun ki anrejistre nan lekòl yo, san yo pa gade kontèks pèmanans  ak aprantisaj yo nan etablisnman eskolè yo. Politik piblik ki regilarize fonksyonman sistèm edikatif  ayisyen an souvan neglije anpil aspè nan kad demokratizasyon ansèyman an, ki ta dwe youn nan  priyorite Ministè Edikasyon Nasyonal (MENFP). Legalman, ann Ayiti, leta gen  responsabilite pou l ofri tout moun ki nan laj pou ale lekòl aksè ak edikasyon, gras ak politik  redistribisyon sou fòm sèvis byen li ranmase nan men popilasyon an sou fòm enpo. 

Selon atik 32-1 konstitisyon ayisyèn 1987 la : “Edikayson dwe responsabilite leta ak kolektivite tèritoryal yo. Yo dwe mete  lekòl gratis aksesib ak tout moun, veye sou nivo fòmasyon anseyan ki nan sektè piblik ak prive  yo.” alinea sa a mete anfaz sou obligasyon leta genyen pou l garanti ak tout moun ki gen laj pou ale lekòl aksè ak edikasyon kèlkeswa klas sosyal, koulè, kondisyon sosyo-ekonomik,  pèfòmans ak nivo entèlektyèl yo. 

Lide pou leta responsab edikasyon ann Ayiti pa kòmanse avèk konstitisyon 1987 la, depi 1804,  aprè pwoklamasyon endepandans peyi a, leta ayisyen te envesti nan kreyasyon anviwon 6 lekòl nasyonal pou fòme moun ki pral panse pou jèn nasyon sa a. Puiske, yo te rekonèt p ap gen devlopman san  nou pa envesti nan kapital imen. 

Anpil otè marye lekòl ak konstriksyon leta nasyon, kidonk, li enposib pou nou panse ak yon leta san  yon lekòl nasyonal. Se nan kontèks sa a, Emile Durkheim te defini lekòl tankou: 

“Yon enstitisyon leta kreye pou enstrui, transmèt valè kiltirèl, moral ak sosyal bay timoun nan chak jenerasyon yon fason pou favorize  sosyalizasyon yo. Sa vle di, pou entegre yo nan sistèm sosyal la, nan lide pou asire lyen sosyal ak koyerans nan sosyete a malgre diferans  kategori sosyal yo."

*État haïtien, Constitution de la république d´Haïti, centre œcuménique des Droits humains, 29 mars 1987, Port-Au Prince, Haïti, Imprimerie Henri Deschamps, octobre 1997. 

*Emile Durkheim cité par Louis Auguste Joint, L’école dans la construction de l’État. Disponible sur https://books.openedition.org/editionsmsh/9760, consulté le 12 Avril 2024.

Nou dwe siyale, lekòl sa yo te selektiv epi ekskliziv nan 2 nivo, puiske kritè seleksyon yo  te baze non sèlman sou klas moun yo, men tou sou sèks yo. Nan lane 1807, wa Henry Christophe,  nan lide pou veyikile yon lòt ideyoloji siperyè ak kavèn sistèm esklavajis la te kite kòm eritaj pou  ansyen esklav yo te pwoklame edikasyon pou tout timoun. Se nan kontèks sa a li te rive pwononse: “Edikasyon se sèl mwayen ki kapab retire mas la nan sijè inyorans payèn ak nan degradasyon sistèm esklavaj la te plonje l la.” Malgre bidjè leta a pa t pèmèt gouvènman an reponn ak tout demann popilasyon an, Christophe te kreye lekòl primè ak segondè piblik pou gason yo pandan li te ankouraje sektè prive a fè lekòl pou fi yo. Li enpòtan pou nou siyale, lekòl gason pa t gen menm  objektif ak lekòl fi. 

Avèk revolisyon 1843, aktè politik yo repanse edikasyon sou yon baz demokratik, kote yo pwone  egalite aksè pou tout timoun kèlkeswa sèks ak klas sosyal yo. Selon atik 31 konstitisyon  1843, ”Ansèyman dwe lib epi lekòl yo dwe distribiye gradyèlman selon bezwen popilasyon an. Chak  komin dwe gen lekòl primè pou tou 2 sèks yo, gratis epi aksesib pou tout sitwayen.”

Malgre diferan refòm sistèm edikatif ayisyen an konnen aprè 1843, li te toujou rete yon obligasyon  pou leta garanti aksè ak edikasyon gratis pou tout timoun endepandaman de klas sosyal yo. Se nan  kontèks sa a, leta ayisyen kreye lise ak lekòl nasyonal nan komin yo, yon fason pou demokratize  aksè ak edikasyon bazik. Konstitison ayisyèn 1987 la rekonèt nan atik 32-6 la: ”Leta dwe veye pou chak kolektivite tèritoryal, obligatwaman, seksyon kominal, komin, depatman genyen etablisman  ansèyman ki adapte ak bezwen l pou devlopman l.”  

Lè nou konsidere dansite popilasyon an nan chak seksyon kominal, sitou nan seksyon ki pi  vas yo, li prèske enposib pou gen yon sèl lekòl nasyonal nan chak seksyon ki pral satisfè bezwen popilasyon  an. Toutfwa, jiskaprezan nou pako rive nan nivo minimal la kote chak seksyon rive gen yon lekòl nasyonal ak lise pa l. Anpil timoun oblije soti nan yon seksyon pou ale lekòl nan sant vil oubyen  nan yon lòt seksyon. Li difisil pou nou estime kantite kilomèt yon elèv mache pou l ale lekòl, sitou  sila yo ki abite nan zòn riral yo. 

*BRUTUS, Edner, 1948, Instruction publique en Haïti (1492-1945), Haïti, Imprimerie de l’État, P 35.

*Etat haitien, constitution haitienne de 1843, disponible sur https://mjp.univ-perp.fr/constit/ht1843.htm, consulté  le 12 Avril 2024. 

*État haïtien, Constitution de la république d´Haïti, centre œcuménique des Droits humains, 29 mars 1987, Port-Au Prince, Haïti, Imprimerie Henri Deschamps, octobre 1997. Art 32-3.

Nan kominote Ench pa egzanp, prensipal mwayen transpò piblik kominal nou itilize se  taksi moto. Kous pou soti nan vil ale nan seksyon yo varye ant 250 goud , 500 goud e menm plis,  sa depan de ki seksyon. Paran yo pa toujou an mezi pou asire transpò pou timoun yo al lekòl.  Anplis, se pa tout kote moto yo ka rive. Nan zòn ki gen wout difisil yo, moun yo sitou mache a  pye. Sa ki koz, anpil elèv oblije ale lekòl la a pye, malgre wout yo gen anpil pousyè avèk wòch. 

Nan kad redaksyon atik sa a, nou vle analize reyalite elèv ki abite nan kèk lokalite tankou: Kawobit, Karelouk, Fòrezoli ak Wanikètè. 

Pou dokimante travay sa a, nou te eseye rekeyi kèk done premye men nan men yon ankadrè ki  travay nan lokalite sa yo pou Oganizasyon pou Pwoteksyon Restavèk ak Èt Imen (OPREH) ki  envesti nan pwoteksyon timoun. Selon enfòmasyon li pataje, trajè pou soti nan vil Ench rive  Karelouk dire anviwon 40 a 45 minit sou moto, epi wout la gen anpil mòn ak pousyè. Sa ki koz  elèv yo souvan rive lekòl an reta epi yo rate jou lekòl souvan, puiske y ap mache a pye pou yo vini  nan sant vil, pafwa yo fatige, grangou, elt. Distans lan peze lou sou randman elèv sa yo, puiske lè  yo rive lekòl la yo pa vrèman jwenn yon konsantrasyon pou yo aprann. Youn nan timoun l ap  ankadre yo gen 11 lane, li te abite kay yon moun nan vil Ench, li te byen eveye lekòl la. Jeneralman,  li te konn fè mwayèn 7, pafwa 6. Depi lè yo voye l kay paran l Karelouk, li paka bay randman  ankò, li pa menm rive fè mwayèn 5 ki se nòt de pasaj la. Lè ankadrè a diskite ak li sou rezilta yo,  li te kriye, e li montre kontèks la pa favorab pou aprantisaj li, puiske lè l rive lekòl la li paka  konsantre.  

Se prèske menm reyalite a pou timoun ki nan zòn Kawobit, Fòrezoli ak Wanikètè, sèl diferans ki  genyen, wout sa yo gen mwens mòn, epi yo pi prè vil Ench. Sou moto, ankadrè a pran anviwon 20  a 25 minit pou l rive. Distans lan koz, timoun yo toujou fatige, yo souvan rive lekòl la anreta, rate  jou klas, e yo paka bay randman.  

Lè nou konsidere atik 32 konstitisyon an ki pwone aksè ak edikasyon pou tout timoun kòm yon  devwa pou leta, nou entèrese kesyone kisa sa vle di aksè ak edikasyon? Èske aksè ak edikasyon  an se enskri nan yon lekòl epi konte pami elèv yo oubyen aksede ak kontni y ap anseye lekòl la  pou w aprann? Kòman nou kapab pale de aksè lè yon elèv oblije mache anviwon 1è jiska 2èd tan  pou l rive lekòl? Kòman nou kapab pale de aksè lè elèv la rive lekòl dòmi nan je l tèlman l fatige ?  Kòman nou kapab pale de aksè lè elèv la oblije ap rate jou lekòl paske l paka mache pou l rive lekòl la? Èske nou ka pale de egalite aksè nan yon demach konsa ? Èske nou ka pale de  eskolarizasyon masiv lè nou konnen sèvis leta konsantre nan vil yo? Èske kominote riral yo pa  merite gen lekòl tou? Sou ki baz leta chwazi mete lekòl nan yon zòn epi pa mete nan yon lòt zòn? 

Selon analiz UNESCO fè sou aksè ak edikasyon, nou kapab konsidere apwòch sa a : « L'accès à l’éducation couvre la scolarisation en temps voulu et la progression à l’âge requis, l’assiduité à  l’école, un apprentissage conforme aux normes nationales de performances scolaires, un  environnement d’apprentissage suffisamment sûr pour permettre l’apprentissage et une offre  scolaire équitablement répartie » (Lewin, 2015: 32). 

Legalman, e an tout evidans, lekòl yo ta dwe distribiye an fonksyon de bezwen popilasyon an. Sa  vle di, depi yon kominote gen anpil timoun ki nan laj pou ale lekòl, li ta dwe gen lekòl piblik ladan  l, si posib mwens ke 5 km de distans pa rapò ak kay moun yo. Lè nou konsidere kontèks elèv  Quebec yo pa egzanp, si distans ant lekòl la ak kay yon elèv 1eak 2eane depase 800m li gen aksè  ak transpò gratui, e pou elèv 3ejiska 6eane, si l depase 1800 m yo gen aksè ak transpò gratui pou  ale lekòl ; nou kapab kesyone nan ki nivo lekòl ayisyèn ye nan klasman entènasyonal la,  patikilyèman nan Amerik la ? 

Efikasite yon sistèm edikatif depan majoritèman de tretman aprenan yo ak ajan edikatif yo  resevwa. Si kondisyon aprantisaj yo pa reyini, li enposib pou n pale de aksè reyèl ak edikasyon.  Garanti bon jan kondisyon pou timoun yo aprann endepandaman de zòn yo rete, se yon kondisyon  endispansab pou n pale de jistis sosyal. Puiske se edikasyon yo resevwa ki pral pèmèt yo fè  mobilite sosyal. 

Selon konstitisyon 1987 la, ”premye chaj leta ayisyen ak kolektivite tèritoryal yo se eskolarizasyon  masiv popilasyon an”6, puiske edikasyon se eleman prensipal ki pou konstrui kapital imen ki pral  kontribiye nan devlopman sosyete a. Lè nou seleksyone kèk kominote pou mete lekòl epi nou  inyore kèk lòt kominote, otomatikman nou kreye inegalite ant timoun yo, sa ki konstitiye baz  enjistis sosyal la. Se pa sèlman timoun OPREH yo ki nan sitiyasyon sa a, jeneralman timoun ki  abite nan milye riral yo souvan viktim de pwoblèm mank aksè nan kominote yo. Gen anpil timoun  ki entèlijan e ki motive pou yo aprann, men kontèks la pa jwe an favè yo. Pwoblèm sa a vin okazyone yon sèk visye kote moun milye riral yo kontinye viktim de jenerasyon an jenerasyon. 

*État haïtien, Constitution de la république d´Haïti, centre œcuménique des Droits humains, 29 mars 1987, Port-Au Prince, Haïti, Imprimerie Henri Deschamps, octobre 1997. Art 32-2

Anfen, politik edikativ yo dwe vize enterè tout moun. Li nesesè pou Leta teni kont de  bezwen endividyèl timoun yo an fonksyon de kominote y ap viv, e sitou mete lekòl la disponib nan kominote a, san yo p ap bezwen fè yon long deplasman pou yo benefisye moso enstriksyon.  Chak fwa nou pale de aksè ak edikasyon, si nou sèlman konsidere enskripsyon timoun yo nan rejis yon lekòl, done yo p ap egzat, puiske se pa tout elèv ki enskri lekòl la ki aktif. Li nesesè pou nou  klè sou diferans ki egziste ant aksè ak lekòl epi aksè ak edikasyon. Pou kèk timoun nan kominote  nou te konsidere yo, nou ka pale de yon aksè frajilize ak lekòl kanmenm. Men, pou aksè ak  edikasyon an, li difisil pou nou pale de li nan kontèks pa yo, sitou lè nou konsidere eleman bazik  sa yo ki antre nan aksè ak edikasyon selon UNESCO: ale lekòl regilyèman, yon anviwònman  aprantisaj ki sèten pou asire moun nan ka aprann, yon òf eskolè ki repati ak ekite epi pwogresyon  selon laj timoun nan, elt. Aksè ak edikasyon siyifi aksede ak kontni y ap anseye lekòl la, li siyifi  benefisye de tout dispozisyon fizik ak mantal pou aprann. Kreye lekòl piblik nan milye riral yo, se  yon devwa pou leta e yon mwayen ki pi sèten pou ede nou atenn jistis sosyal nan peyi d Ayiti.

Bibliyografi 

BRUTUS, Edner, 1948, Instruction publique en Haïti (1492-1945), Haïti, Imprimerie de l’État. 

Emile Durkheim cité par Louis Auguste Joint, L’école dans la construction de l’État. Disponible  sur https://books.openedition.org/editionsmsh/9760, consulté le 12 Avril 2024. 

État haïtien, Constitution de la république d´Haïti, centre œcuménique des Droits humains, 29 mars  1987, Port-Au-Prince, Haïti, Imprimerie Henri Deschamps, octobre 1997. 

Etat haïtien, constitution haïtienne de 1843, disponible sur https://mjp.univ perp.fr/constit/ht1843.htm, consulté le 12 Avril 2024. 

Gouvernement du Québec, Centre de service scolaire des Laurentides, disponible sur  https://csslaurentides.gouv.qc.ca/transport-scolaire/distance-entre-le-domicile-et lecole/ , consulté le 27 me 2024. 

Lewin, Keith M. 2015. Accès, équité et développement : planifier l’éducation pour concrétiser les  droits. Principes de la planification de l’éducation 98. Paris : UNESCO-IIPE. 

IIEP, learning portal UNESCO, disponible sur : https://learningportal.iiep.unesco.org/fr/glossaire/acces a-leducation , consulté le 27 me 2024. 


Geneviève Chery