Jou ki 8 septanm la, pandan nou ap selebre Jounen Entènasyonal alfabetizasyon, li enpòtan pou nou reflechi sou gwo enpak alfabetizasyon an genyen sou sosyete nou an. Ann Ayiti, alfabetizasyon se pa sèlman yon konpetans fondamantal, se yon mwayen pou libere tout potansyèl jèn yo ak transfòme kominote yo tou.
Pou Ayiti, yon nasyon ki rich ak kilti epi istwa, alfabetizasyon an esansyèl pou liberasyon ak pwogrè. Lè edikasyon an fèt an kreyòl ayisyen, lang pifò ayisyen pale, li vin pi puisan epi li fèt sanpatipri. Nan Anseye Pou Ayi (APA), nou rekonèt vwayaj pou yon edikasyon sanpatipri ak devlopman sosyal kòmanse pa akseptasyon ak valorizasyon eritaj lengwistik nou an. Nou detèmine pou eksplwate pouvwa sa a pou refòme sistèm edikatif ayisyen an epi voye monte jenerasyon Ayisyen yo.
Alfabetizasyon ak ekite nan kesyon edikasyon ann Ayiti
Nivo alfabetizasyon an ye ann Ayiti montre pwoblèm ki pi laj nan sistèm edikatif nou an. Yon fason istorik, dominasyon fransè nan ansèyman an kreye yon espas vid ant aprenan ak eksperyans aprantisaj yo. Anpil aprenan ayisyen rankontre baryè lengistik, ki agrave inegalite edikatif yo, epi kreye yon obstak pou pwogrè eskolè yo. Baryè lengistik la ak fason yo ajoute kreyòl ayisyen nan sistèm edikatif la yon fason ki pa kòrèk, kreye yon blokaj pou tout potansyèl pèp nou an.
Pouvwa Alfabetizasyon ann Ayiti
Albatezitasyon se poto mitan devlopman sosyal ak ekonomik. Li ekipe moun yo pou angaje yo nèt nan sosyete a, pran desizyon ki enfòme, epi kontribiye nan kominote yo a. Ann Ayiti, kote pifò moun pale Kreyòl Ayisyen, alfabetizasyon nan lang sa a enpòtan anpil.
Selon UNESCO, alfabetizasyon gen yon lyen ak pi bon rezilta nan kesyon sante, ogmante opòtinite ekonomik, epi ede moun pran yon pi gwo angajman sivik. Pou Ayiti, envesti nan alfabezitasyon vle di envesti nan yon avni miyò pou timoun yo, youn kote yo kapab simonte obstak epi pran opòtinite yo.
Enpòtans Kreyòl Ayisyen nan Edikasyon
Kreyòl pi enpòtan pase yon senp lang; li reprezante idantite kiltirèl ak istwa Ayiti. Rechèch yo montre aprenan yo aprann pi byen lè ansèyman an fèt nan lang manman yo. Pa egzanp, nan yon etid Enstiti Entènasyonal pou alfabetizasyon te fè li t ap souliyen kòman enstriksyon nan premye lang timoun nan ranfòse devlopman koyitif, ogmante angajman epi amelyore rezilta akademik. Pwen sa enpòtan pou Ayiti kote kreyòl la se premye lang kominikasyon pou majorité ayisyen. Inegalite nan kesyon lang lan limite kapasite timoun yo genyen pou vrèman angaje yo nan edikasyon yo a epi atenn potansyèl yo. Alfabetizasyon nan lang kreyòl ayisyen se pa sèlman fè moun aprann li ak ekri ; li pèmèt nou asire chak timoun gen aksè ak edikasyon nan yo lang ki koresponn ak lavi chak jou ansanm ak idantite kiltirèl li.
Misyon nou nan APA: transfòme edikasyon atravè lidèchip lokal
Nan APA, misyon nou se pou transfòme sistèm edikatif la pandan n ap ekipe Sitwayen-Lidè lokal yo avèk konesans, konpetans ak eta espri k ap pèmèt yo navige atravè chanjman sa yo. Apwòch nou an anrasinen nan lide ki kwè vrè refòm edikatif la ap sòti anndan kominote a.
Enplikasyon sa ki fèt depi nan baz asire nou refòm sa yo enpòtan, y ap dire epi yo makonnen ak bezwen epi aspirasyon aprenan ayisyen ak fanmi yo. Mouvman nou an ap konstwi yon sistèm edikatif ki refleye epi respekte kilti ak idantite lokal.
Enpak travay nou an
APA ap goumen kont obstak nan sistèm la ki yon fason istorik majinalize lang la ak moun ki pale l yo. Atravè pwogram nou an, nou atenn 21 000 aprenan ki bay yon gwo pousantaj reyisit ki se 85%, kote gen menm kèk klas ki fè 100%. Rezilta sa yo pa sèlman montre yon rezilta akademik, men li souyen yon fason ki pi laj transfòmasyon ki fèt sou fason yo fè edikasyon an ak apwòch nou itilize. Apwòch nou an ki montre enpòtans kilti a entegre kreyòl ayisyen nan pwogram nan, epi li mete anfaz sou istwa ak kilti lokal.
Epitou, travay nou an pèmèt nou travay avèk plis pase 700 Sitwayen-Lidè pou defann refòm edikatif ki baze sou koutim lokal ak eksperyans yo. Aksyon kolektif sa a enpòtan anpil pou derasinen enjistis sistemik la, epi kreye yon sistèm edikatif ki vrèman sèvi bezwen kominote nou an.
Apèl pou pote kole
Pandan n ap selebre Jounen Alfabetizasyon an, n ap envite nou vin patisipe nan misyon nou an pou transfòme edikasyon ann Ayiti. Sipòte nou nan efò n ap fè pou envesti nan jenerasyon lidè k ap vini yo ! Lè w sipòte APA ou kontribiye nan mouvman ki ap valorize potansyèl chak timoun, epi k ap travay san kanpe pou kraze tout obstak pou siksè yo.
Ansanm nou kapab konstwi yon demen miyò kote alfabetizasyon ak edikasyon se gwo zouti pou chanjman sosyal, epi kote chak timoun ayisyen kapab pwogrese. Nou envite w aprann plis sou travay nou an ak fason ou kapab enplike nan konstwi yon demen miyò nan kesyon edikasyon ann Ayiti.
Pou w fè sa, ou kapab monte sou sit entènèt nou an epi konekte avèk kominote moun ki ap travay pou chanjman nou an.
Nan inite ak espwa,
Ekip Anseye pou Ayiti