chevron carousel-svg hamburger close
Selebre Inovasyon nan Salklas yo: Reyalizasyon Anseyan Lidè ak Aprenan Lidè yo reyalize

Nan Anseye Pou Ayiti (APA), angajman nou pran an favè yon edikasyon kalite ale pi lwen pase ansèyman ak aprantisaj tradisyonèl yo. Nou gen kòm objektif ofri yon anviwònman aprantisaj olistik ki ekipe aprenan yo ak yon pakèt konpetans ki ede yo grandi, devlope lyen kominotè ki fò anpil, epi favorize yon konpreyansyon valè sosyetal yo ki pi pwofon.

Pandan n ap pwoche sou nouvo ane akademik la, nou pran yon moman pou pataje plizyè pwojè inovatif anseyan lidè ak aprenan lidè nou yo reyalize pandan ane akademik 2023-2024 la. Pwojè sa yo reflete lespri inovasyon ak angajman kominotè ki nan kè misyon APA a.

1. Pwodiksyon pwodui pou netwaye kay nan Enfants Jésus School

Nan Enfants Jésus nan Ench, anseyan lidè Mathermy Eumanison Domond te entwodui yon pwojè aprantisaj pratik pou elèv 4yèm ane. Objektif sa a pou ane a se te pou anseye aprenan lidè yo kòman pou kreye pwodui pou netwaye kay. Sòti nan savon likid pou rive nan dlo javèl, pwojè a pèmèt yo genyen yon konesans pratik nan kreyasyon pwodui pou netwaye kay ki esansyèl.

Pwojè a pa sèlman pèmèt elèv yo pran konpetans pratik, men ankouraje yo genyen konesans finansyè pandan y ap kreye bidjè ak jere fon ki nesesè pou yo achte materyèl. Aprenan yo te akeyi pwojè a ak kèk kontan epi rezilta yo te ekstrawòdinè : chak elèv konn kijan pou fabrike pwodui yo kounye a. Direksyon an ak paran yo te apresye inisyativ sa a anpil.

2. Kreyasyon pla manje avèk liv kuizin an kreyòl Lekòl Nouvo Oryantasyon an

Anseyan lidè Jaquis Augustin te lanse l nan yon vwayaj kuizin avèk elèv 5yèm ane Lekòl Nouvo Oryantasyon an. Nan kòmansman ane a, li te deside pou yo te eksperimante tout resèt kuizin yo jwenn nan liv kreyòl klas la pandan tout ane a. Chak sesyon kuizin enplike aprenan yo nan planifikasyon, achte engredyan ak preparasyon pla sa ki fè aprantisaj la alafwa amizan ak pratik.

 Yo separe tach yo, bay chak moun engredyan yo epi yo travay ansanm pou asire siksè chak eksperyans kilinè. Pwojè sa a konekte avèk siksè leson nan sal klas la ak konpetans nan vrè vi a, sa ki pral devlope yon angajman ki pi pwofon avèk eritaj kiltirèl yo a pandan y ap eksplore kuizin ayisyen an. Youn nan moman ki te gen anpil enpak yo se lè yo t ap prepare boulèt lam fri tradisyonèl la. Kè kontan ak enplikasyon elèv yo te pèmèt inisyativ sa a gen anpil siksè. Foto yo te pataje yo te montre lajwa ak travay an ekip aprenan yo pandan yo t ap patisipe nan eksperyans aprantisaj pratik epi ki gen anpil savè sa a.

3. Planch pedagojik nan Lekòl La Pléiade

Nan premye ane li a, anseyan lidè Ysmonde Obas ki nan Lekòl La Pléiade nan Kanj te rankontre difikilte akòz mank resous ki adapte. Li te detèmine pou rezoud pwoblèm sa a ! Pou li fè sa a li te fikse objektif nan dezyèm ane li a pou kreye yon komite edikatif pou ede aprenan li yo. Lè li angaje elèv  3zyèm ane yo nan fè konsepsyon, epi kreye zouti edikatif yo, li chanje yon difikilte an opòtinite kote gen enplikasyon aprenan yo ak kreyativite. Anseyan yo patisipe aktivman pandan y ap pote materyèl tankou fèy bristòl, kreyon koulè, ak fèy papye pou kreye èd vizyèl ki ranfòse epi ki amelyore fason yo bay leson yo. Tablo ki gen anpil koulè epi fonksyonèl yo, yo te reyalize avèk èd aprenan yo, te pote yon gwo amelyorasyon nan anviwònman salklas la. Efò kolaborasyon sa a mete anfaz sou espri inovasyon anseyan lidè APA ak angajman yo pran pou amelyore anviwònman aprantisaj yo.

4. Renovasyon Salklas nan Lekòl La Sagesse

Nan kòmansman ane akademik la, aprenan lidè ki nan men anseyan lidè Marcdala te reflechi sou yon lide pou make pasaj yo nan salklas la. Sou direksyon anseyan lidè yo, elèv 3zyèm ane nan lekòl La Sagesse te mete sou pye yon pwojè ki gen anpil defi pou reyamenaje salklas yo a. Yo idantifye zòn ki bezwen amelyorasyon yo, tankou pati domaje ki bezwen amelyorasyon yo ak repentire salklas yo. Malgre difikilte pou rasanble ase fon, aprenan yo te rive repare ak pentire salklas yo ak siksè. Sa ki te pèmèt yo transfòme l an yon espas aprantisaj ki pi apwopriye. Patisipasyon aprenan yo nan pwojè sa a te fèt nan yon vrè lespri « konbit » kote chak moun te mete men nan pat la, epi kote yo te fè travay tankou bwase mòtye oswa pentire. Inisyativ sa a montre pouvwa aksyon kolektif ak enpak pwojè aprenan yo fè. Epitou, li favorize yon santiman apatenans ak responsabilite.

5. Ranfòse konfò nan salklas yo ak rido

Nan kominote Ench la, salklas anseyan lidè Widelande, Edjeevensky, ak Wilfidson te ap fè fas ak menm difikilte: reyon solèy la te souvan anpeche aprenan yo wè tablo a. Anseyan ak aprenan yo te deside rezoud pwoblèm sa a ansanm pandan y ap rasanble fon pou achte rido pou salklas yo. Yo te fè yon kanpay leve fon ki te gen anpil siksè, epi yo te rive achte rido, enstale yo epi bloke reyon solèy la. Aksyon kolektif sa a pa t sèlman rezoud yon pwoblèm tousuit, men li te montre pouvwa solisyon kominotè yo. Efò kolektif la te pote yon gwo amelyorasyon nan anviwònman aprantisaj la, sa ki pèmèt aprenan yo konsantre sou leson yo a san distraksyon. Efò kolaborasyon sa a montre kòman ti chanjman yo kapab gen gwo enpak nan anviwònman aprantisaj lan.

Pwojè ki fèt ak anpil enspirasyon sa yo montre pouvwa kominote, kreyativite ak kolaborasyon nan reyalize objektif edikatif. Nan APA nou selebre anseyan lidè ak aprenan lidè yo pou apwòch inovatif  pou simonte difikilte yo, epi ranfòse eksperyans aprantisaj yo. Inisyativ yo reflete misyon nou genyen pou ranfòse sistèm edikatif ann Ayiti pandan n ap ekipe jenerasyon Ayisyen avèk konesans, konpetans ak eta espri yo bezwen pou reyalize tout potansyèl yo.

Pandan n ap kontinye sipòte ak selebre efò sa yo, nou rete detèmine pou fè pwomosyon yon sistèm edikatif ki makonnen ak istwa, kilti ak idantite ayisyen. Ansanm, n ap konstwi yon pi bèl avni pou Ayiti, yon salklas alafwa.