chevron carousel-svg hamburger close
Temwanyaj Sitwayen-Lidè Ricarlince Moïse

Li enspire m sajès mwen dwe devlope  nan domèn konesans kelkeswa nivo mwen te atenn  deja, yon fason pou m sonje mwen p ap janm mèt konesans, men pito yon sevitè ki dwe toujou ap chache pèfeksyone m nan imilite. Se youn nan valè APA anseye m pandan pwogram 2 lane a mwen pran oserye.

Entegre Anseye Pou Ayiti pa t yon egzèsis ki te fasil pou mwen parapò ak nivo mwen te gentan kòmanse ap anseye epi etid mwen te gentan fè; san konte antouraj ki t ap dekouraje m paske se nivo premye ak dezyèm sik fondamantal sèlman ekip la priyorize.  Men kiryozite ak lè m obsève nivo pragmatism kèk kamarad ki pase nan APA genyen kòm konpetans pa t sispann epate m Sa pouse m al fè pwòp eksperyans mwen kote m kraze tout baryè ki te drese devan m . Epitou, se la done yo pral chanje kote m kòmanse konprann epi apresye kalite travay ekip APA a ap opere nan sistèm edikatif la, non sèlman pou ede yon ekip anseyan pèfeksyone tèt yo kòm pwofesyonèl, men sitou se nivo noblès ak filozofi APA pote pou yon lòt jenerasyon sitwayen k ap itilize yon lidèchip transfòmasyonèl pou devlope kominote yo, se sa ki pral fè m chanje lide lè m antre nan APA.

Avan m te entegre APA nan lane 2022, m te konn redi anpil lè m ap travay ak elèv yo, dòmi ap pran yo, yo pa kapab konsantre sou aktivite klas la, sa konn fè m santi m pa nan po m lè konsa. Se vre mwen te konnen kèk metòd pou m anseye, men mwen pa t vrèman kapab itilize yo ak otan pragmatism tankou jounen jodi a. Epitou, m pa t gen tout sa m vin genyen la yo tou, sa te lakòz transmisyon konesans lan pa t byen fèt. Men apati moman m kòmanse pran fòmasyon ak resevwa  kotching, fidbak nan men Kotch mwen, mwen te vin chanje estrateji nan fason m te konn travay, sa vin ede m travay diferan epi pi byen pase avan; sa fè m konnen nesesite ki genyen pou m enplike aprenan yo plis nan aprantisaj yo, responsablize yo nan jesyon klas la ak anviwonman an, diskite ak yo epi devlope santiman lidè sitwayen responsab ki t ap dòmi andedan yo, fè yo santi kòman yo enpotan ak anpil lanmou.

Anplis, fòmasyon yo ede m devlope lanmou pou m renmen kolabore ak lòt anseyan nan lekòl mwen, aprann de lòt moun tou, sansibilize yo sou nesesite pou nou aplike disiplin pozitif nan sal klas yo, olye rigwaz ki te vrèman prezan nan espas la, bagay sa yo se APA ki ede m mete yo an pratik  paske m pat konn vrèman fè yo avan. Eksperyans sa mwen fè ak APA pote anpil bagay pozitif nan lavi pwofesyonèl ak pèsonèl mwen kòm Sitwayen-Lidè k ap evolye nan kominote m ye a.

Tout moun ki pase nan fòmasyon APA, sitou anseyan yo, konnen kòman bagay la pa fasil tèlman genyen fatig parapò ak entansite fòmasyon yo. Sa mande anpil depasman. Poutan, pèsonèlman, mwen gen plis bèl souvni pandan seyans fòmasyon yo ak ekip APA a pase fatig yo te domine m. Nivo sajès ak sans kolaborasyon ekip sila montre, kè kontan chak moun ak bon tretman kreye yon santiman ki fè m santi m nan yon fanmi. Sa kreye plis santiman angajman lakay mwen epi fè enpak sou mwen nan fason m ap kolabore ak lòt moun nan lòt estrikti.

Epi, se la tou mwen vin konprann se sèl moun ki rive pèse vizyon APA genyen pou kominote a k ap rive boukle pwogram sila lè nou konnen nivo fatig de (2) lane yo pote jan mwen te deja di sa; tankou pawòl la di : pa gen pyès sakrifis ki twòp pou w fè sa w renmen e ki bon....

Youn nan bagay ki fè m vrèman renmen travay Anseye Pou Ayiti a, se paske travay k ap fèt la se pou peyi a ak timoun yo, se yon travay sitwayen patriyòt angaje ki pa sèlman chita sou kontni nosyonèl yo men tou ki chita sou yon seri valè nou dwe devlope kòm lidè ki vin kolabore pou pote yon transfòmasyon pou peyi nou. Yon fason pou m di fòmasyon sila pa vize kad akademik, men  tou li touche plizyè lòt aspè nan lavi moun ki benefisye l yo.  M pa konnen anpil estrikti k ap fè travay sa pou m pa di se sèl APA k ap fè l. E se konpreyansyon m de travay la ki te fè m vin di tèt mwen : yon bèl mouvman konsa, mwen dwe kontinye jouk mwen fini ak pwogram nan e kontinye kolabore ak avèk APA chak fwa lavi ban m chans.

Gras ak fòmasyon sa, jounen jodi a, Pou mwen, nan nivo kriz edikasyon peyi a ye la, APA kontribye anpil pou pote yon nouvo souf pou edikasyon timoun yo fèt pi byen; revalorize epi entegre kilti ak koutim nou yo k ap disparèt andedan edikasyon timoun yo nan sousi pou kenbe idantite nou kòm nasyon. Tout moun ki gen posiblite ta sipoze antre nan mouvman sa pou pote kole epi ankouraje Anseye Pou Ayiti pou noblès travay sa. Gen yon pwovèb kreyòl ki di : "ti patat plen sak", alò mwen kwè chak grenn Sitwayen-Lidè ki jwenn fòmasyon sa fòme yon bèl elit pou transfòme peyi nou an nan pwochen jou yo nan chak aksyon n ap fè chak jou.

Jounen jodi a, se vre m se yon moun ki fè anpil efò nan kesyon etid, men APA pote touch pa l ki fè m plis pwofesyonèl, se vre m kwè nan kontinye pèfeksyone tèt mwen, men APA vin pote plis motivasyon pou m pa rete kote m te ye a;  m dwe kontinye pwogrese pandan m ap evite pou m pa deplase bòn tè gran paran yo te mete tankou Direktè Fenel ta kapab di. Mwen gen anpil pèspektiv m pral travay sou yo yon fason pou nan yon lòt ti tan m pa rete kote m te ye a....

Alò m ap fini pou m voye yon gwo chapo ba pou APA ki fè yon bèl envestisman nan mwen, ki fè m konnen kouman ekip la konte sou mwen pou m kontinye travay, epi konpoze ak valè yo anseye m yo pou m vin yon pi bèl vèsyon Sitwayen-Lidè pwofesyonèl k ap patisipe nan chanjman mantalite kominote a pou timoun yo pou peyi a. Mwen kontan epi fyè paske m fè pati fanmi APA a.


Ricarlince Moïse, Sitwayen-Lidè, Kowòt 2022