chevron carousel-svg hamburger close
Twomatis anndan salklas ayisyen yo

Jou ki te 19 me 2024 la, Anseye Pou Ayiti (APA) te òganize yon seyans transfòmasyonèl ki te konsantre l sou yon pwen ki enpòtan anpil nan kesyon edikatif ann Ayiti : twomatis nan salklas. Aktivite sa a te rive reyini plis pase 100 moun nan kominote a nan Gonayiv pou pale sou enpak twomatis nan aprantisaj ak devlopman timoun. Seyans sa a te fèt pou mete limyè sou fason twomatis yo afekte elèv yo, epi pou bay lidè kominotè ak paran yo zouti ki nesesè pou ede timoun yo travèse moman difisil.

 Konprann twomatis nan edikasyon

Twomatis nan milye eskolè se yon bagay ki toujou prezan, men anpil fwa moun pa remake l. Alafwa timoun ak adilt, anseyan ak paran ansanm ak direktè yo souvan konn inyore siy twomatis yo ak gwo efè yo gen sou aprantisaj ak konpòtman. Anseye Pou Ayiti atravè depatman Sitwayen-Lidè li a, konprann gen yon bezwen ijan pou travay sou pwoblèm sa a, se nan objektif sa a li te òganize konbit sa a pou sansibilize moun pou yo konprann li pi byen.

Reyalite Ann Ayiti Jodi a

Jounen jodi a Ayiti ap fè fas ak divès kalite difikilte, tankou enstabilite politik, difikilte ekonomik, ak twoub sosyal. Pwoblèm sa yo souvan mennen ak dives kalite twomatis nan mitan timoun yo, sa ki pral afekte kapasite pou yo aprann epi grandi. Lè nou deside travay sou twomatis ki gen nan salklas yo, nou pa sèlman fè l pou amelyore rezilta akademik yo; nou fè l pou pèmèt yon jenerasyon jèn ayisyen ki pral travay pou yon demen miyò pou peyi a geri epi byen ekipe!

Pwen Enpòtan Ki te Gen Nan Seyans Konbit La

Twomatis yo kapab afekte anpil kapasite pou yon timoun aprann epi epanouyi nan lekòl. Seyans sa a te pale sou diferan kalite twomatis yon timoun kapab sibi, tankou vyolans entèpèsonèl, evènman ekstèn ki twomatize yo, defi devlopmantal, ak eksperyans ki gen rapò ak lè yon moun vin refijye oswa imigran. Li enpòtan pou nou konprann kalite twomatis sa yo, paske yo kapab manifeste nan salklas yo nan fason nou pa souvan atann.

  1. Twomatis Entèpèsonèl: Vyolans oswa abi ki te fèt sou fanmi a oswa nan kominote a kapab gen gwo efè sou byennèt emosyonèl ak sikolojik timoun nan.

  2. Twomatis ekstèn: Evènman tankou katastwòf natirèl oswa vyolans kominotè yo kapab gen efè ki dire sou kapasite timoun nan genyen pou li konsantre epi patisipe nan aprantisaj la.

  3. Twomatis devlopmantal: Eksperyans negatif li te viv nan etap enpòtan devlopman an kapab afekte devlopman emosyonèl ak koyitif timoun nan.

  4. Twomatis ki gen rapò ak sitiyasyon kote timoun nan se yon refijye oswa imigran: Eksperyans ki gen rapò ak deplasman, bagay li pèdi ak efò li ap fè pou adapte l ak yon nouvo anviwònman kapab kreye yon defi enpòtan pou timoun nan.

     Pwen enpòtan ki te rive sòti nan seyans konbit la

Seyans lan te bay ansèyman enpòtan sou siy ak sentòm twomatis. Yo te fè konnen, twomatis yo pa toujou vizib, men yo souvan manifeste pa chanjman konpòtman ak difikilte eskolè. Patisipan yo te aprann idantifye siy sa yo ak fason pou ofri èd ak timoun ki an difikilte.

Estrateji pou sipò: Nou te entwodui patisipan yo ak divès estrateji pou sipòte timoun ki twomatize yo. Li gen ladan l kreye yon anviwònman aprantisaj ki san danje epi kote l ap jwenn sipò, aplike pratik ansèyman ki konprann kisa twomatis la ye, epi ki enplike paran nan pwosesis retablisman ak sipò a. Objektif la se te pou ekipe manm kominote a pou yo kapab konprann epi fè fas ak rasin kòz twoma a, sa ki pral ranfòse kapasite yo genyen pou pi byen sipòte timoun ki afekte yo.

Koneksyon ak Misyon ak Vizyon APA a

Konbit sa a aliyen ak misyon APA genyen pou transfòme sistèm edikatif Ayiti a pou libere li pandan l ap ekipe jenerasyon Ayisyen avèk konpetans, konesans, ak mantalite pou reyalize tout potansyèl yo. Seyans lan se prèv angajman nou pran adrese pwoblèm pa anba ki gen yon enpak sou aprantisaj. Lè nou adrese pwoblèm twomatis la, ki se yon gwo obstak pou aprantisaj, APA fè yon gwo pa ki pral asire entèvansyon edikatif nou an olistik epi reponn ak bezwen tout timoun.

Pike pou pi devan

Ansèyman moun yo jwenn nan seyans sa a enpòtan anpil pou pèmèt nou avanse epi amelyore apwòch nou an. APA prevwa pou li òganize lòt fowòm ak seyans pou pale sou pwoblèm sa yo. Nou angaje nou pou fè diferans nan lavi timoun ayisyen yo pandan n ap fè fas ak difikilte y ap rankontre epi pandan n ap sipòte pakou edikatif yo. Lè APA envesti nan lidè konimotè ak anseyan yo, li vle kreye yon rezo Sitwayen-Lidè ki byen ekipe pou fè fas ak tout konpleksite ki gen nan sistèm edikatif ayisyen an.

Nou envite w vin rejwenn mouvman nou an ! Ansanm nou kapab fè yon gwo enpak pou pèmèt timoun yo gen yon demen miyò.

Sa ou dwe konnen sou Anseye Pou Ayiti : Anseye Pou Ayiti (APA) angaje l pou transfòme sistèm edikatif Ayiti a atravè apwòch inovatif ak solisyon ki sòti anndan kominote a yon fason pou sipòte devlopman olistik chak timoun. Misyon nou se pou nou ekipe pwochen jenerasyon lidè Ayisyen an avèk konpetans ak konesans nesesè pou ankouraje moun fè gwo chanjman epi konstwi yon demen miyò pou tout moun.