chevron carousel-svg hamburger close
Yon mouvman sivik pou yon jistis edikatif ann Ayiti : nouvo dokimantè APA a pibliye !

Kokennchenn fim sa a fèt nan lide pou make 10yèm anivèsè APA, epi l ap pèmèt nou viv pakou enspiran misyon nou nan transfòmasyon edikasyon ann Ayiti. Se Le Paradis Haitien ki reyalize l, dokimantè sa a mete fokis sou enpak k ap dire inisyativ inovatif APA ap fè atravè Ayiti. Depi lè li kreye nan lane 2014, mouvman APA a te pran angajman pou li leve defi sistemik ki gen nan sistèm edikatif ayisyen an. Pandan dis lane ki sot pase yo la, APA angaje plis pase 600 sitwayen-lidè pou ankouraje transfòmasyon nan sal klas yo ak atravè tout kominote a.

Men pwen esansyèl nou prezante nan dokimantè a :

  • Istwa transfòmasyon an : istwa pèsonèl ansyen manm kowòt APA, anseyan, ak lidè lokal yo ki te jwe yon wòl enpòtan nan travay pou chanjman n ap mennen an.

  • Enpak Inisyativ yo : yon lide sou pwogram lidèchip APA a, efò pou fòmasyon anseyan yo ak estrateji angajman kominotè ki ekipe plis pase yon milye moun atravè Ayiti.

  • Vizyon pou yon demen miyò : yon lide sou objektif nou gen pou yon demen miyò ak inisyativ APA ki gen objektif pou fè pwomosyon ekite nan kesyon edikasyon ak lidèchip sivik ann Ayiti.

Leve defi ki gen ann Ayiti kounye a

10 lane apre nou kreye mouvman an, nou pa kapab fèmen je nou sou tout difikilte Ayiti ap rankontre nan moman sa a, tankou enstabilite politik ak twoub sosyal. APA kwè nan pouvwa  yon sistèm edikatif ki fò epi ki sanpatipri pou simonte obstak yo, epi konstwi yon demen miyò pou tout ayisyen. Travay APA a rantre nan yon kad ki pi laj ki se batay pou jistis ak egalite, epi li montre aklè edikasyon se pa sèlman yon zouti pou avansman pèsonèl, men li se yon pati enpòtan nan devlopman nasyonal. Dokimantè sa a ap pèmèt nou rantre nan nannan espwa ki toujou vivan atravè kominote ann Ayiti. Dokimantè sa pèmèt nou wè menm si pwoblèm yo anpil, jwenn solisyon yo toujou posib tou.

Kote ou kapab gade dokimantè a :

Dokimantè a disponib kounye a pou nou gade sou Chèn Youtube APA a. Vin patisipe nan selebrasyon dis lane edikasyon transfòmasyonèl ak lidèchip ann Ayiti. Nou ankouraje tout moun gade dokimantè a, epi pataje l ak tout moun pou plis moun kapab konnen misyon nou an!

Gade dokimantè a la

Fason ou kapab ede APA

Pou selebrasyon 10zyèm anivèsè l, APA lanse yon kanpay kote chak don yon moun fè ap double. Nou lanse kanpay sa a pou nou kapab rive jwenn $100,000 , epi pou nou kapab agrandi pwogram lidèchip la epi lanse Enstiti Kotchin APA. Chak fwa yon moun fè yon don li ap double, n ap fè sa jis nan fen mwa dawout. Sa pral pèmèt enpak kontribisyon ou an double !

Fè yon don nan kanpay kote chak don yon moun fè ap double

Kisa Anseye Pou Ayiti ye

Anseye Pou Ayiti se yon mouvman ki fèt pou ayisyen, epi se ayisyen k ap jere l. Li konsakre l sou dekonolizasyon edikasyon ann Ayiti pandan l ap fòme yon nouvo jenerasyon Sitwayen-Lidè ki angaje yo an favè yon edikasyon sanpatipri ak jistis sosyal. Gras ak pwogram lidèchip ak inisyativ kominotè nou yo, nou ap travay pou nou konstwi yon sistèm edikatif ki onore gwo eritaj kiltirèl Ayiti a. Epitou, ki ap pèmèt chak timoun jwenn konpetans, konesans, ak mantalite pou reyisi. Nou kwè edikasyon kapab yon gwo zouti pou libere gwo peyi nou an.

Suiv nou sou rezo sosyal yo:

  • Facebook

  • Instagram

  • Twitter

  • YouTube