chevron carousel-svg hamburger close
Yon Paran-Lidè se plis ke yon paran

Enpak ak enfliyans pwogram lan nan lavi Paran-Lidè yo pwouve nou sou wout pou pote chanjman nan fason pozitif nan lavi chak manm kòwòt la. Paran-Lidè yo travay kote pa yo pou enfliyanse ak enpakte antouraj ak anviwònman yo. Selon temwayaj Paran-Lidsè Chilove FRANCOIS ki nan kòwòt pou ane sa a li se yon moun ki pa t konn menm salye moun nan kominote l, li pa t konn kole ak manm kominote li, pòt li te toujou fèmen men gras ak fason pwogram lan enfliyanse l, li vin konnen kominote li dwe priyorite l yon fason pou li kapab ede chanje move pratik sitou chatiman kòporèl ak vyolans sou timoun yo. Li kòmanse travay ak manm kominote a pou ede yo jwenn bon fason ak bon estrateji pou ede timoun yo nan itilize disiplin pozitif pou yon pi bon levasyon. Li deklare n ap site : Avan m te nan kòwòt la m pa t konn salye moun nan kominote a alevwa pou m ta nan chita pale ak yo men pou kounya a pandan mwen nan kòwòt Paran-Lidè yo se mwen ki pi gwo lidè nan kominote m.

Pwogram Anseye Pou Ayiti a pou Paran-Lidè yo se yon pwogram ki pote chanjman ak dirabilite nan kominote yo kote relasyon paran yo ak lekòl yo vin plis soude epi angaje yo nan pran bon jan responsablite pou aprantisaj pitit yo ak lòt timoun nan kominote yo. Genyen paran ki temwaye yo pa t konn si patisipasyon, prezans yo nan lekòl ki nan kominote yo ak lekòl pitit yo te enpòtan pou yo, men entegrasyon yo nan kòwòt Paran-Lidè a ede yo konnen se yon devwa pou ede, akonpaye direksyon lekòl yo nan pote kontribisyon pa yo kòm sitwayen lidè nan kominote yo. Selon temwayaj Paran-Lidè Marlène Casseus Joseph : Lekòl la se yon espas ki pou ede timoun yo jwenn posiblite pou eksprime yo san difikilte. Se pou sa tou, li menm ansanm ak 2 lòt Paran-Lidè (Lorline Norescat ak Denite Dericier) mete ansanm depi lane 2022 pandan yo te nan kòwòt la yon klèb pou ede timoun nan kominote yo vin aprann fè atizay, chante epi ankouraje timoun yo sou pi bon konpòtman yo dwe genyen. 

Se pa sèlman nan lekòl Paran-Lidè yo pote kontribisyon yo men yo ede manm kominote yo nan monte mityèl ak aktivite ekonomik yon fason pou ede paran nan kominote yo rasanble lajan pou reponn ak obligasyon timoun yo, fanmi yo sitou pou jere rantre lekòl pitit yo. Se kon sa, Paran-Lidè Viguel ALMEUS mete yon enstitisyon ekonomik nan kominote li pou ede lòt paran nan kominote li jwenn lajan pou jere rantre lekòl pitit yo paske pandan li antre nan kòwòt Paran-Lidè yo li twouve se yon devwa pou sipòte manm kominote l. Fason mwen kapab kontribiye nan kominote mwen se ede paran yo jere rantre lekòl pitit yo, yon fason pou timoun yo kapab yo menm tou kontribiye nan yon lòt Ayiti miyò alavni selon sa Paran-Lidè ALMEUS Viguel rapòte nou. 

Pwogram Anseye Pou Ayiti a se plis yon pwogram fòmasyon, li ede nan fè moun kontrui tèt yo, devlope konpetans, kapasite ak mantalite kwasan, ankouraje devlopman kominotè, responsablize Paran-Lidè yo nan angajman pou ede pitit yo ak tout timoun nan kominote yo nan ansèyman aprantisaj yo epi kontribiye nan pote chanjman gras enfliyans, enpak yo nan lekòl pitit yo ak sou lavi kominote yo pou sa nou kapab site sa Paran-Lidè Marie-Angelet PAULINA di : Yon Paran-Lidè pa sèlman paran pou pitit li men se paran tout timoun ki nan kominote l paske si pitit li gen bon konpòtman epi lòt timoun nan kominote li gen move konpòtman li menm kòm Paran-Lidè kontribiye nan move konpòtman timoun ki nan antouraj li chak fwa li te neglije lòt timoun nan kominote a.

Yon Paran-Lidè se yon ajan chanjman k ap enfliyanse epi enpakte manm kominote yo nan poze bon jan aksyon pou gide manm kominote yo gras ak kolaborasyon, enplikasyon aktif yo chak jou k ap ogmante pou pote kontribisyon dirab pou yon jou lavi kapab boujonnen nan peyi a nan lapè ak sekirite sou tout fòm. 

Julnor Lamarre